J'ai Brulé Les Étapes (Etap) • Disip

ADDED BY TIZER (MAY 19, 2016 AT 11:32 AM) 35,246 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Klere Yo
Year: 2016

[Intro]
Nou se Disip
Gazzman Couleur
Well…

[Verse 1]
Sou recho lamizè m konn wè manman m k ap kwit pwoblèm
Met nan asyèt lespwa pou l pa dekouraje avè m
Lè m panse m fè mil pa, difikilte kouri dèyè m
Moun ki la pou ta ban m le bras, souvan se yo k bloke baryè m

[Refrain]
M pase etap ki pi ba, men m pat janm pèdi lafwa
Mwen vin konprann lavi a, anyen pap fè m fè tèt ba

Ti Couleur
Hey…

[Verse 2]
Sou machin lavi a, dèfwa m pa jwenn avan, sèl bak
Tout moun nan lari a, tèt yo cho y ap chèche greenback
Dèfwa lavi pa ban m bonjan, mwen menm mwen chwazi griyen dan m
E lè l wè kè m toujou kontan, li vin sou mwen an souriyan

[Refrain]
M pase etap ki pi ba, men m pat janm pèdi lafwa
Mwen vin konprann lavi a, anyen pap fè m fè tèt ba

[Horns]
Nou se Disip
Bonjour
Gazzman Couleur
Etap

[Guitar solo]
AJ, PAZ, Touche m Dous

[Verse 3]
Te gen 4 an lè papa m mouri, pat gen chans pou m te konn bo l
Vye manman m fini granmoun
Gran sè m Moumoune tonbe l mouri
Arios gran frè m li depòte
Guerdes ak Sonche yo elwanye
Rele anmwey, m pa jan m gen sekou
San m ap koule, ede m ranmase l souple

[Chorus]
Mechan swete m jwe domino
Pou dòmi pran m sou tab jwèt zo
Bondye chwazi ban m yon mikwo
Ak yon plim m enspire des mots
Mechan swete m tonbe nan dwòg
Tonbe nan vòl, fè bagay dwòl
Lespri gide m, li pwoteje m
M ap di Bondye mèsi

[Verse 4]
Gen moun ou panse k ap ede w, objektif yo se pou bloke w
Anpil k ap pran pòz ankadre w, plan batay yo se pou jete w
Ou ka chwazi tout pwotokòl, chwazi travay, ale lekòl
Mechan devwe w nan bagay dwòl
Tande w nan dwòg, tande w nan vòl

[Chorus]
Mechan swete m jwe domino
Pou dòmi pran m sou tab jwèt zo
Bondye chwazi ban m yon mikwo
Ak yon plim m enspire des mots
Mechan swete m tonbe nan dwòg
Tonbe nan vòl, fè bagay dwòl
Bondye gide m, li pwoteje m, Granmèt fò m di w mèsi

[Keyboard solo]
Ebyen papa, se lavi
Guy Wewe

[Hook]
J’ai brulé les étapes
Je n’ai jamais perdu la fois
Je connais très bien les bas
Je n’ai jamais cessé d’y croire

[Verse 5]
Soufri jodi ak diyite, demen pou souri ak fyète
Lasosyete ap egzije w, men pèsonn pa la pou ede w
Pa okipe moun k ap kritike w, vize kote wa prale
Toujou swiv vwa destine w
Priye Bondye la va gide w

[Hook]
J’ai brulé les étapes
Je n’ai jamais perdu la fois
Je connais très bien les bas
Je n’ai jamais cessé d’y croire

[Horns]
Nou se Disip
Bonjour
Gazzman Couleur
Etap