Grenadye • BBT

ADDED BY JESS24 (MAY 15, 2016 AT 8:51 PM) 14,900 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016

[Intro - Richy]
Ayisyen, Ayisyèn
Nou se Grenadye!
[Live commentary]

[Verse 1 - Redge]
Alaso, Alaso! Grenadye m yo an attack!
Nou pa nan makak!
Jwèt la make san, nap fon masak!
Tèt frèt! Nou ret Placide, tout neg fò, excelsior!
Pyès nèg pap kale n, nou gen Guerrier ak yon Bel Fort.
Pran yon 1er, bwa! Pran yon 2èm, bwa!
Nap chase menm koup, men nou pa gen menm pwa!
Ranje kow, zoup! Tout pour la coupe.
Sak pral gen laaa.. Manman penba toup!
Advèsè a bon, men ekip mwen pi bon
Sòlda m yo pare, chak grenn gen misyon
Teren an mèt glise, frap pa'n gen friksyon
Pantalon'n pa bon pou ou, nap baw sentiwon
Fire in the hole! Boum toupatou!
Grenadye Alaso! AWOU AWOU!
Men Haiti. Nou pa piti.
Nap fout yo grenad, bouda yo nap avili.

[Hook - Reylex]
Une passe, deux passes.
Haiti en première place!
Grenadye Alaso!
Sa ki mouri zafè a yo!
Ale shoot! Penal la fèt tou gòl
Ekip final la!
Wi fout! Wach manman!
Siw fache ou met chanje kan!
(Sak pase! Nap boule boule moun
Nap roule roule boul!
Nap roule roule moun!
Nap roule!)
[x 2]

[Verse 2 - CB]
En flash, flash! Nou vin ba yo gòl.
Se wach, wach! Nou ki gen kontwòl
Kenbe rèd pa moli, Ayiti pou pi devan
Tout defans nap demoli, ti Maurice toujou devan!
Bèl match, bon boul, team ap banm plezi
Bèl frap tou gòl, nap fè yo sezi!
Koup sa.. Lap resi rive lakay!
Nan tout batayon sèl Grenadye ki nan batay

[Bridge - Richy]
Moun Delmas fè bri!
Moun Bèlè fè bri!
Moun Bas Peu De Chose fè bri!
Moun Pétionville fè bri!
Moun Miami fè bri!
Kot moun Boston fè bri!
Tout moun New York fè bri!
Moun Canada fè bri!

[Verse 3 - Brenx]
Match! boul la kòmanse tout sòlda m yo pare
Ekip kanpe danbang yon defense dan sere
Woule woule! Boul sa ou paka jere
Men manman penba a, bleu et rouge la lage!
Sa son frap ki vin ak fòs
Li pi mal pase Bob Carlos
Gadon attack vini atròs
Nou vini montre yo sak boss!
Woush! Gad jan on team byen kanpe
Demanje, deranje yo nan kan yo nap rantre
Solda aliye, nou konnen ekip lan mean
Pede met nan bòl yo pata di se kantin!
Ekip advès la zero, nap fout bare li!
Nenpòt jan li ta parèt an tèt kale nap Mateli!

[Hook]