True Love • NRJ

ADDED BY DENSI (MAY 9, 2016 AT 4:15 PM) 4,006 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Nap Rap Jiskobou
Year: 2016
Featuring: Shela
Produced by: Densi Production
Lyrics by: NRJ And Shela

[Intro - Densi]
Le vrai amour n’est pas quelque chose de spontanée, c’est quelque chose que l’on cultive que l’on construit. Trouver l’amour n’est jamais facile chez le commun des mortels, néanmoins lorsqu’on le trouve, il faut le vivre,il fau

[Refren - Shela]

Genyenw nan vim se sa mwen vle, sam dezire
Kè mwen kou yon BIC kap desinew san janm bouke
E si w ta wè m ap chache w menm nan fè nwa,se paske se ou ki soley mwen
E si w ta wè mba ou plis vale ke mwen, se paske se ou ki konplete mwen

[Verse I - NRJ]
Aprè manmanm ki banm lavi B pagen fi mrenmen pase w
Pa kyè de jan w teye avan, fason w te Mennen pase w
Tout plezim se kouche sou do poum pran feeling nan brase w
Lèw ta vle fè jalouzi pou lot fi devanl man brase w
Nan lanmou sa mpa vle chalè dife, menm vle gon foyer
Mtelman pa vle pèdiw mpap menm kitew anfouraye
Pran sann poun vise lanmou nou, poul pa rive nan foirer
Pou ou BB mvle chanje, em prè poum kite enfoirer
Tout sak pa vle wèn ansanm ap fon jan pou nou ta kite
Ret soude se pi gwo defi son dèt nou dwe a kite
Pa kite lanmoun tonbe menm si anpil fwa na bite
Pase poun sèl non palas, pito nan Cite na bite

[Refren - Shela]
Genyenw nan vim se sa mwen vle, sam dezire
Kè mwen kou yon BIC kap desinew san janm bouke
E siw ta wè map chachew menm nan fè nwa,se paske se ou ki soley mwen
E siw ta wè mba ou plis vale ke mwen, se paske se ou ki konplete mwen

[Verse II - NRJ]
Si kèw se yon BIC se tout plezi pou desine mwen
Map toujou swiv ou paske se ou ki destine mwen
San oum san vale paske se ou ki estime mwen
Sim te Dumarsais konnen se ouk tap estime mwen
Si kèw son prizon konnen mse sèl prizonye kilib
Ou se bwa dèyè bannann mwen san ou map pèdi ekilib
Lè nap tchat mkonn panse n’fin ekri, lannwit ou retext mwen
Mekriw involontairement se ou ki reflex mwen
Mofriw yon vrè lanmou,non mpavle pranw pou TI jwet
Sou bit sa mvlew kadanse, banm menw poum fèw fè piwet
Chérie ou mèt fem konfyans, nan dow mpap fè kout Jilet
Mbòw lavim kou Roméo eske ou prè pou Juliette

[Refren - Shela]
Genyenw nan vim se sa mwen vle, sam dezire
Kè mwen kou yon BIC kap desinew san janm bouke
E siw ta wè map chachew menm nan fè nwa,se paske se ou ki soley mwen
E siw ta wè mba ou plis vale ke mwen, se paske se ou ki konplete mwen

[Bridge - Shela and NRJ]
Lèm pa wèw mwen panike
Lèm avèw mwen si fistre
Mpaka menm gadew nan je
Poum diw sa kap degaje
Andan mwen, andan mwen (bis 5 liy)