Kounya Se Mwen • Rocher

ADDED BY JESS24 (MAY 6, 2016 AT 6:25 PM) 18,335 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2016
Lyrics by: Rocher

Pou sa mwen fè dan le pase fè l difisil pou mwen konfye m
Ba yon lòt moun de je fèmen
Jodya se tou pa mwen, m ap fè w konfyans m lage kè mwen nan men w
Mwen gen on favè pou m mande w

Fòk mwen di sensèman – baby listen
Fòk mwen kapab di w ou kareman

Jodya a kè m nan men w, si w vle w ap pran swen l byen
Se tout kè ki frajil douvan lanmou
W a fè tout sa nan pouvwa ou pou w pwoteje l doudou
Lavi nou devan nou, ann fè wout nou

Fò m di w doudou pa bezwen konnen sa k pa nesesè, ann fè zafè n
Epanye mwen de tout sa ki ka fè mwen fè jalou

M pa kontraye m, istwa ke w rakonte m ka choke m
Pa reveye koze k antere, move imaj ka rete
Fè mwen kòmanse doute
Fè m aji kò m moun ki pèdi bon sans li

Fò m di w doudou pa bezwen konnen sa k pa nesesè, ann fè zafè n
Epanye mwen de tout sa ki ka fè mwen fè jalou

Pa kontraye m, gen de pawòl si m tande k ka fè kè m sere
Pa reveye sa k an someye move imaj ka rete
Fè mwen kòmanse doute
Fè m pèdi konfyans mwen nan ou sa rezon

[Keyboad solo]

Oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh

Gan anpil nan nou k tande kòman anpil relasyon gache
Lè w mennaj tonbe rakonte w sa l te fè dan le pase
Pou w envite danje kenbe tout sekrè w nan kè w
Pa bezwen konn sa lòt te fè, konsa n ka viv an pè

Jodya se mwen kape fè w lanmou – kounya se mwen k ap fè l pou ou
Pou mwen ba gen fanm ki pi dous ke ou – kounya se ou k ap fè l pou mwen
M pa bezwen konn sa lòt te fè pou ou – kounya se mwen k ap fè l pou ou
Oh non baby pa di m sa k pap fè m byen – kounya se ou k ap fè l pou mwen

[Keyboad solo]

Oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh