Konkou Lanmou • MadMax

ADDED BY GEN11 (APR 30, 2016 AT 10:36 AM) 30,421 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Featuring: Steeve Khe
Lyrics by: MadMax

[Réfren (Steeve Khe)]
Cheri ann fonw konkou lanmou pou n konparé santiman nou
Pa janmen bòw kout ba jwenn yon nèg tankoum ra
Prè poum mét pyé m nan dlo pou ou poum pwotéjé fwayé an nou
Map fòw wè to ou ta love pam nan dépasé paw la.

[Vès1 Madmax]
Dépi lè nou renmen jiska no jou pa janm déréspété ou
Vwa poum lévé men sou ou se toujou ti cheri doudou
Menm vin konprann paské lèn fin renmen n talé légliz
Nou tal di BonDyé men koup la poul bénl pou nou please
E pou kriz de tout sòt pa vin bann pwoblèm
Men lèw moun konn istwa rélasyon sa lap di sonw poèm
Ki ékri sou pachemen senserité karès tandrès
Plis sajès ki sèvin katalizè lèn nan detrès
O tèlman gatéw m pa janm kitéw al achté kilòt
Poum pa twonpéw pa janm machandé ni nan mandé pri lòt fanm
Pou ta sèviw matlòt oubyen pèsékite w
M tèlman renmenw fòm ta tou mouri joum ta pansé kitéw

[Réfren (Steeve Khe)]
Cheri ann fonw konkou lanmou pou n konparé santiman nou
Pa janmen bòw kout ba jwenn yon nèg tankoum ra
Prè poum mét pyém nan dlo pou ou poum pwotéjé fwayé an nou
Map fòw wè to ou ta love pam nan dépasé paw la.

[Vès2 (Madmax)]
Mwen gadè sa gwo lè w fè m bliyé si m té pran kout pitit
Sa fè m wè saw vo lèw bal yon tretman tankou tout pitit
Ou son'w fanm sèvo nan konpòtemanw pa janm gen kritik
Mwen m te plen défo avèw kounyea pèson paka di tuit
Ou tèlman jéré m byen yo konn menm mandé si sonw prens
Se tankouw jérémyen pwezim fè pou ou pa bagay mens
Ou gonw konpòtman ékitab ou sonw fanm tout bon e ki fyab
Anyen pou ou pa neglijab avèw dwèt mwen pap pran nan pens
Tout sa wap fè ou toujou vlé fè m wè ou renmenm plis
Fè m sipriz nan konkou lanmou sa se sou mwen w pran priz
Paske se mwen ki té filé w kajolé w chouchouté w
Sonje lè m te mandè w maryaj sa tétoné w ou té tou frizz

[Bridge (Steeve Khe)]
Ou toujou nan kè mwen men se BonDyé ki té météw sou chimen mwen map toujou renmenw