Mèsi Manman • BIC

ADDED BY VONSHI (APR 22, 2016 AT 7:21 PM) 31,869 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Vokabi-Lari
Year: 2016
Featuring: F-Mack
Lyrics by: Roosevelt

[Intro]
Hey
Manman, oh
Hey hey hey hey ah

[Verse 1]
Mwen grandi nan pami diri ti wòch goute grès
Manman m pat gen ase pou l te ban m manje pou m te kite rès
Mwen grandi nan mitan zanmi, mwen grandi san papa m
Manman m te toujou di m si m pa al lekòl sa m pran se pa m
Mwen grandi nan mitan mank, mwen grandi nan mitan bank bòlèt
M grandi nan legliz, manman m aprann mwen bay lakòlèt
Li te toujou di m fòk mwen aprann fè zèv,
E sa pa pou bèl zèb pou m mare chwal mwen bò falèz
Mwen grandi avèk manman m, donk mwen grandi avèk lanmou
M grandi ak yon madanm ki sou de pye l depi douvan jou
Mwen grandi ak detèminasyon m grandi avèk dinyite
Bon tanperaman granmoun depi epòk pibète
M grandi avèk esperans, m grandi nan doulè
M grandi san m pat gen twòp chans nan on katye popilè
Lekòl se pi bèl rezo m te pote nan sakado
Manman m se pi gwo trezò ke lavi a fè m kado

[Kè]
Mèsi manman pou sa ou ye pou mwen (manman)
Mèsi manman m nan, pou sa m vin ye pou tèt mwen
Mèsi manman pou sa ou ye pou mwen, oh wi wi wi
Mèsi (3x) manman m nan

[Verse 2]
Manman m se yon sòyèt, men se fanm ki gen brain
Diyite l fèt an asye, po tòti, on rendeng
Manman m s on koutiryè ki pote sèt pitit sou do li
Manman m se fanm ki bèl menm si l gen mak lavi sou po li (sa se vre)
Manman m s on imòtèl manman m se pechè d latè
Vye van lavi soufle sa pa sifi pou met do l atè
Se pa yon entèlektyèl, manman m s on madan sara
57-2016, manman m s on lò 59 kara
Manman m se yon tigrès sa vle di l se pitit tig
Manman m se yon negrès papa m rankontre l Pelig
Li tèlman sèvyab, l ap sèvi moun ki nan vèy li
Manman m renmen m anpil, li rele m tèt sèkèy li
Manman m s on moniman, manman m se dènye grenn nan
Li pa yon po piman, hein hein se li ki grenn nan
Manman m mache kontre lavi li pa chita tann
Manman m s on piramid, li pa kaptèn anba kabann
Manman m se yon modèl de reyisit, m ap felisite l
Manman m gen lanmou pou chak grenn pitit, m ap plede site l
Manman m pa gen machin men lavi pa janm pati kite l
Manman m se yon egzanp, pitit fi l yo ta dwe imite l
Manman m se yon senfoni, manman m s on resital
Manman m se pa moun isit, se fanm Plato Santral
Manman m travèse lavi san fè vye zafè
Manman kase bèk lavi, manman m se bèk fè

[Kè]


BIOGRAPHY
  • BIC marries rap and folk to deliver poignant critiques and observations of the Haitian society. In 2000, he launched his musical career as a member of the rap group Flex. Then he formed the duo BIC (Brain. Intelligence. Creativity.) and adopted the acronym as his stage name. In 2010, he went solo and started his record label, Tizon Dife Records. Since 2006, BIC has served as Goodwill Ambassador for several organizations, including the Haitian Basketball Federation and SPEDH (Support Social pour les Enfants Démunis d'Haiti. Since 2012, he has served as Ambassadeur de la Francophonie alongside BélO and Jean-Jean Roosvelt. In 2014, BIC won Institut Français's VISA pour la Creation residency and spent three months at the Cité Internationale des Arts de Paris completing his dual language album, Recto-Verso. His sixth album, Vokabi-Lari, was released in May 2016.