I'm Sorry • Klass

ADDED BY JESS24 (APR 3, 2016 AT 8:23 AM) 32,670 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Fè L Ak Tout Kè W
Year: 2016
Produced by: Jean H Richard (Ritchie)
Lyrics by: Jean H Richard (Ritchie)

[Intro]
Hey baby, I feel so sorry
Oh oh oh oh
Hey

[Verse]
Lè mennaj mwen te gen dizwit an, Yon gwosès met pye nan neglijans
Pawòl anpil presyon paran Te fè n kwè l pat pare pou l manman
Manzèl te toujou reve pou l ta ban mwen yon bebe
Men m pat ko gen maturite, te pè reponsabilite
Mwen tonbe bal presyon pou l fè dilatasyon
Pou mwen se te sèl solisyon
Men depi sa fin pase, konsyans mwen pa janm dòmi
Wi chak fwa m wè yon bebe, I feel so sorry

[Hook]
I’m sorry, I’m sorry
M pot ko konprann lavi
I’m Sorry

[Keyboard solo]
Woy
K L A S S - Klass nan vil la
M ap tann nou tout

Oh oh oh oh oh oh
Guito zanmi m, aya man

Ay mwen di lè timoun nan pral tonbe, li pral avòte
Menm nan klinik avè l mwen pate ale
Mwen te rete ak zanmi m, panse m se bon jennjan
Ala bagay ki lèd se lè on nonm inyoran

[Hook]

Moman l te plis bezwen prezans mwen – li pat ka jwenn mwen
Se lè sa m dezète l, lè sa m ret pli lwen w
Li te ka pèdi lavi l, avòtman gen peril
Mwen pa konn kite w ye, cheri si wap tande

[Hook]

Mwen mande padon Cherie

[Keyboard solo]
Konsyans mwen soulaje
Klass nan vil la
Oh oh oh oh oh oh oh oh
Fè lanmou pa gen aksidan tande

Kijan w eksplike se aksidan l ye
Si pa genyen vyole, si w konnen w pa chire - Neglijans li ye
Gen de vi k gache, jete l gen danje
Si se timoun ou ye prefere w evite

Timoun koute chè – si w pa pare
Di m kisa w pral fè – si w pa pare
Vi w ka gache – si w pa pare
Vi pa l an danje – si w pa pare
Li pa mande fèt – si w pa pare
Pito w mete chosèt – si w pa pare
Fè atansyon – si w pa pare
Pran prekosyon – si w pa pare
Pa vin di m se aksidan

Kijan w eksplike se aksidan l ye
Si pa genyen vyole, si w konnen w pa chire - Neglijans li ye
Gen de vi k gache, jete l gen danje
Si se timoun ou ye prefere w evite

Timoun koute chè – si w pa pare
Di m kisa w pral fè – si w pa pare
Evite bon – si w pa pare
Pase mande padon – si w pa pare
Li pa mande fèt – si w pa pare
Pito w mete chosèt – si w pa pare


BIOGRAPHY
  • Founded on April 18th, 2012, KLASS is a new school of Haitian konpa where everyone is welcome to enroll and attend. Since its inception, clean competition, determination, and respect have been the core elements to maintaining a report card of success.

    When you ask the female fans "Where they are heading?" they reply that they are going to "KLASS". Ask the male fans, "How they function?" and they answer that they do everything with "KLASS". Finally, you ask the promoters, "What they think?" and they reply that "an event without this band will have no 'KLASS!'