So Proud Of Me • Fantom

ADDED BY VONSHI (MAR 28, 2016 AT 10:40 PM) 21,289 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Featuring: Solis
Lyrics by: Fantom

Konn pran tan m ap gad reflè m nan glas
Dlo pran koule nan je m lè m sonje mwen in the past
Non mwen te ti Daniel yon payas
Moun pat janm konn gade m tout sa m te fè te grimas
Pou m te fin lekòl se basket, lè m te fè sa k dwòl se chaplèt
Dèfwa m pap baw manti pou mwen manje se te yon casse tête
M te gen de ti pantalon se yo ki te metanm metanm
Dèfwa lè bezwen fè on soti tenis m prete nan men zanman m
Pou pase fresh pou m ka tcheke on ti fanm
Pou m chase stress m te bay basket tout tanm
E m pat gen pyès lòt sipò ke manmanm
M te kwè m te best se reyisi tout planm
M te gonfle venn mwen, fè travay brain mwen jwenn chimen paradi
Kou Master Dji se tann pou tann wap jwenn tete foumi
M te ka pèdi ou te mouri, bon m di w m te ka mouri
Si m te prese pou m te rive lè isit m te ka mouri
M ta pral manyen sa k pat pou mwen
Neg tap manyen m sa yo pat pou mwen
M te kwè nan mwen ak kouraj mwen
Tout sa pou m gen se ak kouraj mwen
E antouraj mwen pat osi kòdyom yo pat nan laj mwen
Si m te on tèt pou peyi san chapo m t ap fè vwayaj mwen
M te vize pi lwen ke pwent nen m e ceci se tan respè
M te kwè pou m mize kwayans mwen paske m te kwè m pap fè erè
M te konfyan avèk talan mwen yon jou m tap fè efè
Pèseverans se te frè mwen ki te fè m goumen pou sa m kwè
Rèv mwen se te pou konn lòt peyi men m pat ko konn pa ki mwayen
Dèfwa pou m t al la leogane nan pòch mwen pat gen mwayen
M te reve tout sa ki bèl men m te konne pa ki mwayen
M te adikte tèt mwen ak rap jodya se li k ban m mwayen
M fè Europe ak Amerik, fè Antilles m ap fè Afrik
M posede kay kanè m gen frik
Lè m pran lari fanm yo di mwen chik
M distenge m pami lòt yo
M pi selèb ke tout lòt yo
M rap pi byen ke tout lòt yo
Se mwen ki papa tout lòt yo
Pawòl mwen bay lespwa ak jèn m fè yo gen kontwòl lari a
M fè yo pa pè afronte obstak ke yo jwenn nan lavi a
Rap kreyòl mete m sou brezenk mwen
Li fè lòt konnen sa m gen nan brain mwen
So proud of me m pap baw manti menm lè m poko fè on ka nan wout mwen
Lè m pran sanm m gad pase mwen m wè ki kote mwen te ye
M wè gen pwogresyon jounen jodya men kote mwen ye
Lè bagay pat bon pou mwen pwofitè ki kote w te ye
Pou w ap pote boure sou mwen ki manmèl ke wap vin souse

Manman m konnen w fyè de mwen
But travay la anpil m fè anpil
M fyè de tèt mwen, men m poko atenn objektif mwen
I’m so proud of me

So proud of me
I’m so proud of me
[2x]