Je Me Souviens • Pasca

ADDED BY NATOU (FEB 29, 2016 AT 6:03 PM) 23,045 VIEWS EDIT

Genre: Folklore
Year: 2016
Produced by: SkaBeatz
Lyrics by: Baky Popile| Pascalin Smith| Guerby| Blake "MrProdg" Seide

[Verse 1]
Trè souvan kèm bat fò
M santi m pa gen fòs epim pran tranble
Dlo pa sispann koule nan je mwen
M Pa gen anvi viv ankò
M wè imaj ou k prale
Ou devan je m men m paka touche w
M tande vwa w kap pale
Kè m kap rache telman m sonjew
M vle santi kò w nan bram
M vle w mete men w nan pa m
M sonje lavi n, bèl moman nou pase
Men domaj kè w pa bò kote mwen
M vle santi kò w nan bra m
M vle w mete me nw nan pam
Se konsa m sonje tou ke m koupab kè w ale

[Refrain]
Je me souviens de tout
La première fois où je t’ai vu
Du premier au dernier mot
Je l’avoue
Je me souviens de tout
De tout nos moments passés
Et C’est bien ça mon problème
Je me souviens , je m’en souviens trop bien

[Verse 2]
M sonje lèw tap rele mwen
Mande m kote m ye pou w vinn jwenn mwen
M te di w m te nan klas ke m pap ka fon pa
M gen exam so pita cheri wa vini wè m lakay mwen
Poutan m t ak lòt fi
Tranbleman pase
Pandan wap tann mwen
Andedan chanm mwen kay la tombe wale
M vle w santi kò w nan bra m
M vle w mete men w nan pa m
M sonje lavi n , bèl moman nou pase men domaj kè w pa bò kote mwen
M vle santi kòw nan bra m
M vle w mete men w nan pa m
Se konsa m sonje tou kè m koupab ke w ale

[Refrain]
Je me souviens de tout
La première fois où je t’ai vu
Du premier au dernier mot je l’avoue
Je me souviens de tout
De tout nos moments passés
Et C’est bien ça mon problème
Je me souviens , je m’en souviens trop bien

[Outro]
Trè souvan kè m bat fò
M santi m pa gen fòs epi m pran tranble
Dlo pa sispan koule nan je mwen
M Pa gen anvi viv ankò
M wè imaj ou k prale
Ou devan je m men m pa ka touche w
M tande vwa w kap pale kè m kap rache tèlman m sonjew