Garanti • Timber G

ADDED BY DIDIER (FEB 18, 2016 AT 8:24 PM) 20,867 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Lyrics by: Timber G

[Refren]
Cheri mwen konnen nèg yo plede ba’w manti,
Yo te fè’w konnen yo te bon e womantik,
Mwen m pap di’m bon, men mwen ka garanti,
Si’w ta rive renmen avè’m, map plede fè’w vini,
Si’w ta rive fè’l avè’m, fòk ou kapab vini,
Si’w ta rive vire avè’m, map plede fè’w vini.

[Verse 1]
Cheri mwen pa nèg ki twò fò nan koze,
Le plu souvan se santiman’m mwen ekspoze,
Eske’m renmen’w, m konn se kesyon sa ou pral poze,
Wap jwenn repons lan to ou ta, ou mèt poze,
Pou jan ou bèl, anfòm e ou gen klas,
Ou pa ta supoze nan nèg ki pa gen bras,
Etan done antan ke fanm ou gen fantas,
Mwen jije bon ke bò kote’w mwen gen yon plas,
Map goumen anpil pou pi devan ou pa regrèt,
Si nou ta vinn ansanm seryezman ou an jwèt,
Se vre mwen konnen gason yo trè malonèt,
Mwen m pito vin dirèk, koz se sa mwen ka pwomèt.

[Refren]
Cheri mwen konnen nèg yo plede ba’w manti,
Yo te fè’w konnen yo te bon e womantik,
Mwen m pap di’m bon, men mwen ka garanti,
Si’w ta rive renmen avè’m, map plede fè’w vini,
Si’w ta rive fè’l avè’m, fòk ou kapab vini,
Si’w ta rive vire avè’m, map plede fè’w vini.

[Verse 2 ]
Mwen pa bezwen enpresyone’w avèk manti,
Pi devan lè ou dekouvri sa pou’w pa banm dan di,
Ann eseye’l pou’n ka wè kisa nap re santi,
Si’n byen pase, na kite relasyon an grandi,
M konnen byen m pa nèg ki byen kanpe,
Men lè’m avè’w, lè’m devan’w map byen kanpe,
M paka di’w map ka ba’w tout sa’w manke,
Pa enkyete’w, men kanmèm wap jwenn anpe,

[Bridge]
Lakay mwen ou tap tèlman vini, ou tap di’m pran’w nan maji,
Menm zanmi’w tap sezi wè kijan ou pral reyaji,
Sa map pale’w baby, mwen konnen li pa yon paradi,
Men si’w pa ta jwenn plezi, ou mèt pran’m pou yon radi (2x)