Konplike • Akoustik

ADDED BY TIZER (JAN 25, 2016 AT 3:45 PM) 17,327 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Featuring: J Perry

Konplike konplike (2x)

[Verse]
Salut mesye medam, se pa politik m ap fè
Gen twòp bagay m pasa pale, men je m la pou gade (fò w pale)
Depi nan tan zansèt y ap di fòk nou viv an frè
Anpil lane pase mantalite pa janm chanje
Mwen di koudeta, RPK, pase pran kolera
Kandida, foli sipèsta, yo tout ap bla bla bla
Tout moun dèyè pouvwa, malere pran biswit leta
Ki kote sa prale, mande kilè n ap di ase?

[Hook]
Konplike konplike, peyi sa a konplike
Se sa k fè nèg pati al lòtbò dlo
Konplike konplike, bagay yo konplike
Ki fè gen moun anba ak moun anwo
Konplike konplike, peyi sa a konplike
Te kwè n te on sèl nasyon, on sèl drapo
Konplike konplike, bagay yo konplike

(Twò konplike vre)

[Verse]
Mwen pa konprann anyen,
Sa k monte mòn ak bekann pou desann san fren
Aprann di w pa konnen
Olye w eseye devine ak chans, voye tenten
Bagay yo tèt anba, tout sa k ap abize pouvwa
Chak moun g on moun ki g on moun ki g on moun pou evite lalwa
Fò k ou toujou ap veye tout kote w pase (han)
Sè l ti konsèy tout moun ka ba ou

[Hook]

Ti Joel...

[Bridge]
Si w ta pran site konplikasyon lavi sa a andan ti peyi sa a
Mizik sa a patap ase
Tout tan s on tèt chaje
Enjistis ak koripsyon, rayisman ak prejije, se sèl vèb k ap konjige
W anvi travay yo di w pa gen opòtinite
Ou malad ou manke 5 goud, monchè w antere
Ou vle sòti al brase, ou tande lari bloke
Anmwey, tout tan menm bagay la

[Hook]

Akoustik avèk J Perry
Na na na na

PNH – konplike
EDH – konplike
Respè pou sa k deside ret dwat yo
Eleksyon – konplike
Rezilta – konplike
Sa k pa vle nou vanse, fò n veye yo
Gen moun anwo – konplike
Gen moun anba – konplike
Nou gen yon sèl drapo, leve l byen wo
E lopital – konplike
Menm bwat leta – konplike
Manman woy

[Outro]
Konplike konplike, peyi sa a konplike
Wi l konplike vre (Si l konplike)
Konplike konplike, bagay yo konplike
Se pa Ayiti sèlman, se lemond ki konplike
Konplike konplike, peyi sa a konplike
Tout jan w vire, wi l konplike
Konplike konplike, bagay yo konplike
Woyo, o o o