Leve L Pi Wo [Kanaval 2016] • Wyclef Jean

ADDED BY ZOKLO (JAN 16, 2016 AT 4:01 PM) 19,530 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2016
Featuring: Powersurge
Produced by: Powersurge

Ladies and gentleman, you are tuned in to the Haitian Carnival
This what my country sound like
Haiti Powersurge

Se menm mwen menm nan ki te nan Grammy Awards
Se menm mwen menm nan kite leve drapo nou wo
Se menm mwen menm nan yo di ki te fyète nasyonal
Se menm mwen menm nan yo di ki te gate im nasyonal
Se menm mwen menm nan ki te vini a Fugees
Se menm mwen menm nan ki te kòmanse Yele Haiti
Se menm mwen menm nan nou renmen nou rayi
Menm mwen menm nan ki rele mouchwa wouj a nwa sou BET

Van vire 2007 van vire back 2016
Pou tout sa ki te panse mwen te kada
Gade kijan mwen leve tankou laza
Vegas mwen soti la mwen tap koupe deal avèk DJ Khaled
Kounya mwen ak Powersurge bagay neuf that mean a new look
With Juno7 chatting on the facebook

Se menm mwen menm nan ki supòte pwodiksyon nasyonal
Se menm mwen menm nan ki supòte seleksyon nasyonal
Se menm mwen menm nan ki antre nan tout ghetto
Lè bagay yo te pi cho mwen te met Ayiti sou do mwen
Se menm mwen menm nan ki te antre nan Gonayiv
Ki te mache nan tout ravin lè katrin te pran lavi n
Se menm mwen menm nan nou te wè nan world cup
Ki te kenbe drapo nou wo pou lemond wè sa nou vo
Se menm mwen menm nan

This what the Haitian Carnival sound like huh
Let me see you move girl, let me see you move
Lage l

Oh oh oh - ouvè lanmè a pou m pase
Oh oh oh – Haiti Cherie ann ale
Oh oh oh - ouvè lanmè a pou m pase
Oh oh oh – Haiti Cherie ou pare pou nou mete w pi wo

Moun ghetto yo – pi wo
Moun pwovens yo – pi wo
Moun lavil yo – pi wo
Moun nan mòn yo – pi wo
Djaspora m yo – pi wo
An nou mete yo woo pou ayiti pi wo

Chofè tap tap yo – pi wo
Chofè moto yo – pi wo
Machann fritay yo – pi wo
Machann fresco yo – pi wo
Timoun lari yo, nou bezwen leve yo

Oh oh oh - ouvè lanmè a pou m pase
Oh oh oh – Haiti Cherie ann ale
Oh oh oh - ouvè lanmè a pou m pase
Oh oh oh – Haiti Cherie ou pare pou nou mete w pi wo

Peyizan m yo – pi wo
Pwofesè m yo – pi wo
Etidyan m yo – pi wo
Tout doktè yo – pi wo
Andikape m yo, an nou ede yo Pou Ayiti pi wo

Elektrisyen yo – pi wo
Sektè prive a – pi wo
Tout lotèl yo – pi wo
Tout lekòl yo – pi wo
Lopital yo, nou bezwen leve yo

This is when chanmas meets Eastern Parkway
If you have not experienced the carnival join it
Izo epa m wè w freeze
I like the way this going down man
Oh this what Haiti feels like, well alright then, I’m in

Mwen di onè pou yo, mwen di respè pou yo
Pou Black la, pou Jimmy O a e tout sòlda yo
Mwen di onè pou yo, mwen di respè pou yo
Respè pou tout moun ki te mouri sou chanmas la

Men Wyclef
Chanmas
Turn up

Mwen pap pran mato, mwen pap pran zoklo (3x)
Mwen pap pran nan blòf, mwen pap pran nan fake
[2x]

If you want to say something, say it to my face
You aint gotta send a tweet, pranksta
If you want to say something, say it to my face
You aint gotta send a Instagram, gangsta

Mwen pap pran mato, mwen pap pran zoklo (3x)
Mwen pap pran nan blòf, mwen pap pran nan fake
[2x]

Oh y ape mande kot fwa sa soti
Yo te bliye se pitit Bondye nou ye
Oh y ape mande kot fwa sa soti
Fòk yo sonje se pitit Bondye nou ye

Nou pran no kolera – nou leve
Nou pran nan siklòn – nou leve
Nou pran goudougoudou – nou leve
Jou sa n pap janm bliye l
Menm lè nou tonbe – nou leve
Menm la nap dòmi – nou leve
Menm lè nou kriye – nou leve
Limyè a toujou klere

Turn up carnival
Big wheel they can see it
Powersurge, you’re a bad boy man