Ti Pouchon • Toto Necesite

ADDED BY MASAKADIE (DEC 24, 2015 AT 12:04 PM) 19,589 VIEWS EDIT

Genre: Bolero
Lyrics by: Toto Necesite

Ala kontan m kontan Bondye renmen m
Li banm kouraj pou m supòte woo
Ala kontan m kontan Bondye renmen
Li banm kouraj pou m pa komèt betiz

Nan kèlke ane ki te pase
Mwen te tankou yon jwif eran
Mwen la toujou
Zanmi leve frape m atè
Yo fè tankou ke yo bliye m
Mwen la toujou
Ala bèl bagay se vanite
Ou gen bèl oto pou yo prete
Wi ou se ti Bondye pou yo
Lajan nan pòch pa sa rete se pa reproòch ke map fè yo
Mwen la toujou

Wi m la toujou Kris kapab

Nan kèlke ane ki te pase
Mwen te tankou yon jwif eran
Mwen la toujou
Zanmi leve frape m atè
Yo fè tankou ke yo bliye m
Mwen la toujou
Ala bèl bagay se lè w gen lajan
Ou gen bèl oto pou yo prete
Wi ou se ti Bondye pou yo
Lajan nan pòch pa sa rete se pa reproòch ke map fè yo
Mwen la toujou

Wi m la toujou wo
Wa di mwen la toujou aprè Dieu
Zanmi leve m frape m atè
Yo pale m mal yo kritike m, mwen la toujou

Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
Fiyèl oh, pran kouraj
Se lè w nan malè pou w konn si w gen bon zanmi
[2x]

Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi
Se lè fiyèl mouri pou w konn si w gen bon marenn
Se lè w nan pwoblèm pou w konn si gen bon zanmi
Se bite m bite m poko tonbe wo
Lè w nan pozisyon tout moun rele w ti pouchon
Ou rive lanbi de boutèy wisky douz koka pou yo
Ou tande w pèdi djòb ou tout moun te gentan bliye w
Se bite m bite m poko tonbe wo

Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
Fiyèl oh, pran kouraj
Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi
[2x]
Si w ap koute sousi w ka komèt betiz chak jou
Pa gade sou moun ou sanlè tonbe nan kouchay
Lasosyete ap mande w men l pa janm ofri w anyen
M pap koute lavi pou m al komèt betiz
Zanmi leve lanwit l al fè afè l san w pa konnen
Demen matin l leve men longè otomobil li
Mwen pap gade sou moun wi m pap kopye sou zanmi
Mwen menm mwen la toujou map demele m aprè Dieu

Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
Fiyèl oh, pran kouraj
Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi
[2x]

A wi sa se vre, se nan malè pou w konn si w gen bon zanmi
Lè w nan pwoblèm nan touman, ou nan tout move moman
Se lè sa pou w konnen si w gen bon kamarad pou vwazen
Lè ou wè w gen lajan, tout moun se zanmi w
Tout lajounen, fanmi, zanmi, visit, lajan
Ou temèt gen 90 an, depi w gen lajan
Wap okipe jèn timoun yo deyò a, yo rele w Ti Pouchon. Granmoun nan wi k ti pouchon an
Ou wè laj li, lajan, larjan
Bon, moun nan pèdi, li sot Okap li pèdi, pandan ke yo rankontre l
Yo mande ki fanmi w, ki moun ou konnen.
La belle Capoise paske l gen lajan, lajan
Li sot Jacmel li pèdi
Yo mande l ki moun ou konn nan Pòtoprens- Gerard Tadoucau
Paske l gen kòb, konprann
Depi w gen kòb tout moun se fanmi w
Moun nan sot Okap li pèdi l anfouye, yo mande ki moun ou konnen
Gerard Massisi paske l gen anpil lajan anpil lajan
Bon yon flannè nan on zòn, li te mèt fè tout class li, bon filozòf
Epa filozòf rabi non, filozòf ki gen savwa, ki konn pale, bèl disksyon
Pouvu ke li pa gen lajan, li pa gen respè nan zòn nan. tout moun demake l
Y ap fè fèt yo pa envite l, paske l pa nan pozisyon
Men jou w tande li nan job, l ap degaje l, l kòmanse ap pase nan zòn nan
Yo rele li enspekte, enspektè bonjou enspekte
Li kòmanse pa chanje vwa, ti bas
Vokal li kòmanse chanje l ap fè kòb, kòl nan kou. L komanse ap pale franse
L ap eksprime l, ou konn ki non yo ba l nan zòn nan. Ki non yo ba l nan zòn nan?
Ti Pouchon woy mon Dieu, gad ti Pouchon an non. Gad ale ti Pouchon an non
Gad chita l nan on bèl voiture, paske l gen lajan l nan pozisyon
E sepandan lè l te san pozisyon, tout moun te maltrete l
Lajan larjan
Bon lòt istwa se li k pral fè nou ri nèt
Gen on mekanisyen k sot travay a 5hr
L rele on komyonèt, chofè a monte pou li, li monte
Pandan l monte, tout moun ap demake paske l sal, men li gen tout kle l zouti l nan men l
On pakèt bèl medam la, tchuluchuchu ou konprann, yap eseye demake l
Lè misye sispèk yo imilye l, misye te gen on mago lajan m pa konn yo te bay bay nan kay li
Li rale kòb la lap feyte, san dola, de san dola, twa san dola, kat san dola, senk san dola
Menm ekip medam sa yo ki tap meprize flanè a.. pandan yo wè mago lajan, ou konen lajan, lajan se leman
Epi dam nan kanpe li di Ti Pouchon, ti Pouchon rale kòw non pou w pa tonbe. Ou nan pwen kamyonèt la non. Si yo pèdi w, si fanmi w pèdi w ti Pouchon
Ti Pouchon, gade ti Pouchon an (3x)
Rale kòw nan ti pouchon
Ti pouchon yap pwoteje lajan w nan wi. Manti wi
Ti Pouchon, wi Bondye gade on ti pouchon non. Mekanisyen an wi yo bliye vye rad sal la a zouti yo
Oh wi entèl c’est mon cousin, il etait mon condisciple. Paske l nan pozisyon.

Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w
Fiyèl oh, pran kouraj
Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi
[2x]

Lè w nan pozisyon tout moun rele w ti pouchon
Ou rive lanbi de boutèy wisky douz koka pou yo
Ou tande w pèdi djòb ou tout moun te gentan bliye w
Se bite m bite m poko tonbe wo