Noel Partage • Block10

ADDED BY JESS24 (DEC 7, 2015 AT 10:19 PM) 17,265 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015

[INTRO MAITRE VD]
Son epok ki pap rete men li just de pasaj
E nou dwe fete'l avek respè nan pataj.
Se lè dyaspora ap bat pou antre lakay
Menm si pè nwèl pap vini nou just ap ret tan
Son moman poun selebre nou paka ret tann
An'n priye Bondye poul fè nou wè yon lot ane
Ansanm ak Block 10 vin fete nwèl

[Chorus]
Ton nwèl: Pote kado pou timoun nan lari yo
Pot plim ak kaye pou elev lekol yo
Pot medikaman pou sa ki lopital yo.

[GREG-J Lyriks]
Depi epok sa rive pèson moun pa negosye
Kik nwa ou blan ou rich ou malere
Depi se fet nwèl yo toujou fon jan pou yo felv.
Se Ayiti tout 4 kwen nan mond lan ki byen klere
Fon vire gade kòman eta timoun yo
Sitou sak paka manje e gade san abri yo
Kreye lopital ak lekol pou yo gen kontwol avni yo
Yava souri poko ap mouri yap ere nan vi yo
Ton nwèl. Pote kado pou timoun nan lari yo
Pot plim ak kaye pou elev lekol yo
Pot medikaman pou sa ki lopital yo

[Chorus]
Ton nwèl. Pote kado pou timoun nan lari yo
Pot plim ak kaye pou elev lekol yo
Pot medikaman pou sa ki lopital yo

[FILMOL malè a]
Ton nwèl. Ton nwèl! Ane sa pot anpil kado
Pil kado! Wi pou timoun kap soufri yo
Sak pa gen fanmi e ki lage nan lari yo
Pot medikaman pou sak malad ki paka ri yo
Mbezwen yon nwèl lajwa ansanm ak lagete
Mbezwen yon nwèl pwospè pou retire'n nan povrete
Si sa ta fet la mizè ta sispann ba nou chay pote
E se konsa nou ta va di ke nwèl la gaye tout kote
Protestan katolik vidou pran lari
Sa kap priye souke tchatcha men yo tout nan lari
Ti machan'n kite andeyo vin lavil
Achte kado pou yal fete kom si yo te nan gro vil
Yon ane kale nou pap wel anko
An nou tout bliye sak gen rezon e ni sak gen tò
Se nou tout frem ki pou ini nou dabò
Konsa fet nwèl la ap pase san nou youn pa anto

[OUTTRO MAITRE VD]
Nwèl, Se yon moman de partage
Nan respè ak fratènite youn pou lot