Sak Di [Kanaval 2014] • Zatrap

ADDED BY DIDIER (JAN 19, 2014 AT 11:50 PM) 20,633 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2014

[Ernesto]
Ohh sa k'di
Yo touye Padre jean
Ohh sa k'di
Yo touye Boukman
Ohh sa k'di
Yo touye Toussaint
Ohh sa k'di
Yo touye Dessalines, Capois, Péralte

[Lemèb]
Pèp franse a an 1789 di ase
Kont yon inegalite yo te estime kite depase
Yo te fè yon revolisyon ki te enfliyanse pitit patri a
Pi bonè se granm maten nou wè pou n' pat fè pati pati
Nou pat mete dlo nan bouch
Nou te kriye grenadye alaso
Nou te rasanble tankou mouch
Nou te di sa ki mouri zafè yayo
Nou te di dè e dè pawòl ki fò
Milat kou bosal te dakò
Ansanm ansanm nou te abò
Kriye libète ou lanmò
Nou te swiv yon lidè ki te bay rezilta
Ki fè n' premye pèp nwa
A no jou ki fè kote n' pase n' fyè
Malgre tou nèg yo fè konplo yo touye anperè a
èske jouk jounen jodi nap pèsiste nan menm erè a

[Ref1]
Zansèt yo te travay pou pare repo n
Yo te swe pou drapo n'
Men n' pat rive sove po n'
Egoyis fè nèg yo leve mago sou do n'
Lajan tounen pwav anba do n'
Prime nèg anba nèg anwo
Sak di, sak di
Lè eksklizyon sosyal la ap vale tèren
Sak di, sak di
Viv ou aba pa janm itil nou anyen
Sak di, sak di
Pèp la nan liy lan li pa janm jwenn yon pen
Sak di, sak di
Pou ensekirite, travay, grangou

[Hook1]
Politik meli melo saa ba nou yon gwo gagann
N'ap viv sou menm zile nou kondane pou n' viv ansanm ladan l'
Meli melo saa ban nou yon gwo gagann
N'ap viv sou menm zile nou kondane pou n' viv ansanm ladan l'

[Emanoox]
Rèv anperè a pa mouri
Pou moun ki avize se de istwa saa yo nouri
Pou kreye twoubiyon
Fè toujou gen tan pare
E nou pat gentan pare
Pou n' pran ak 2 bwa lè godo vwazen nou yo ranvèse
2 je n' kale nou wè gen gwo pwogresyon k'ap fèt toupatou
Men nou eli, nou kwè, nou dwe lib pou n' egzèse patwouj nou
Pa bliye n' se misyonè se yon pèp ki voye n' ranpli yon misyon
Tan n' ta patripòch, olye n' patriyòt, devan pèp sa n' ta pito bay demisyon

[Lywes]
Yo se 50 kòb ak degouden kiyès pou n' fè kredi
Pran mas pou ti sina azireya bouden sa ban n' malkadi
Yo di ayyy ti manman cheri nou pral fè dappiyanp sou ou
Ayiti manman cheri divizyon fè eyap sou ou
Apse a pa nan dengwann nou nap rele peze peze
Mizè a pou pèp la yon grenn sèl l'ap souse souse
Apse a pa nan dengwann nou nap rele peze peze
Mizè a pou pèp la yon grenn sèl l'ap souse souse souse

[Ref1]
Zansèt yo te travay pou pare repo n
Yo te swe pou drapo n'
Men n' pat rive sove po n'
Egoyis fè nèg yo leve mago sou do n'
Lajan tounen pwav anba do n'
Prime nèg anba nèg anwo
Sak di, sak di
Lè eksklizyon sosyal la ap vale tèren
Sak di, sak di
Viv ou aba pa janm itil nou anyen
Sak di, sak di
Pèp la nan liy lan li pa janm jwenn yon pen
Sak di, sak di
Pou ensekirite, travay, grangou

[Hook1]
Politik meli melo saa ba nou yon gwo gagann
N'ap viv sou menm zile nou kondane pou n' viv ansanm ladan l'
Meli melo saa ban nou yon gwo gagann
N'ap viv sou menm zile nou kondane pou n' viv ansanm ladan l'

[Paskal]
Oh oh oh oh oh
Vwazen konn afè mweeee
Oh oh oh oh oh
Mizè fè vwazen konn afè mweee
Vwazen konn afè mweeee
Oh oh oh oh oh
Mizè fè vwazen konn afè mweee

[Paskal]
Zatrap kenbe l' la
Eske n' vle fè bak
Non
Nou pap fè bak?
Non
Zatrap kenbe l' la
Eske n' vle fè bak
Non
Nou pap fè bak?
Non
Pèp ayisyen kisa nou vle?
Avanse Avanse
Avanse Avanse
Avanse Avanse
Avanse Avanse

[Paskal]
Envestisman fèt
Par les blancs
E retonbe yo
Pour les blancs
Apèl dòf yo fèt
Par les blancs
E benefis yo
Pour les blancs
Eleksyon yo fèt
Par les blancs
E rezilta yo
Pour les blancs
Envestisman fèt
Par les blancs
E retonbe yo
Pour les blancs
Apèl dòf yo fèt
Par les blancs
E benefis yo
Pour les blancs
Manifetasyon fèt mezanmi
Par les blancs
Au nom du blanc

[Ref1]
Zansèt yo te travay pou pare repo n
Yo te swe pou drapo n'
Men n' pat rive sove po n'
Egoyis fè nèg yo leve mago sou do n'
Lajan tounen pwav anba do n'
Prime nèg anba nèg anwo
Sak di, sak di
Lè eksklizyon sosyal la ap vale tèren
Sak di, sak di
Viv ou aba pa janm itil nou anyen
Sak di, sak di
Pèp la nan liy lan li pa janm jwenn yon pen
Sak di, sak di
Pou ensekirite, travay, grangou

[Hook2]
Pa konn sak di devan n'
Non
Pa konn sak di deye n'
Men tout sa k' tap pale sou do n' yo n' kite tout deyè n'
Pa konn sak di devan n'
Non
Pa konn sak di dèyè n'
Ayisyen k' kwè nan van chanjman leve pye n' mache avè n'

Avanse Avanse
Jaki: Tèt kole
Avanse Avanse
Jaki: Pou Ayiti pi dyanm
Avanse Avanse
Avanse Avanse

[Hook3]
Zatrap vi'n pale nan non pèp la
Si pèp la vote ede pèp la
Zatrap vi'n pale nan non pèp la
Si pèp la vote ede pèp la
Paskal
Ekip saa kapab wi
Men l' di

[Ref1]
Zansèt yo te travay pou pare repo nyo te swe pou drapo n'
Men n' pat rive sove po n'
Egoyis fè nèg yo leve mago sou do n'
Lajan tounen pwav anba do n'
Prime nèg anba nèg anwo
Sak di, sak di