Tribunal Lanmou • Dat7

ADDED BY PHKATHIUS1 (OCT 27, 2015 AT 1:29 PM) 24,794 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Verdict
Year: 2015

[Verse 1]
Eske'w pa janm damou san'w pa renmen
Avèk yon moun w'ap gade de lwen
K'akonpanye ak yon chimè
Ti krik ti krak k'ap menasel
Ki pa konn valèl
Kap fèl monte yon masuife
Pa do, se yon kalamite

[Refrain 1]
Ouhhh
Si te gen yon lwa pou kondane
Tout player kap met dlo nan je
Anpil moun ta merite juje
Epi anprizone
Lanatu toujou fè defo
Souvan se inosan k'pote fado
Pou tout moun ki damou
Nou bezwen on tribunal lanmou

[Verse 2]
Jan sa pran tan
Pouw renmen e pou vinn damou
Se de etap ki diferan
Sa ka rive ou pèdu tèt ou
Paskew ka vinn aprann
Moun sa pat renmen ou franc
Tout se te piwèt, se fe sanblan
Paske li t gen yon plan

[Refrain1]
Ohhh
Si te gen yon lwa pou kondane
Tout player kap met dlo nan je
Anpil moun ta merite juje
Epi anprizone
Lanatu toujou fè defo
Souvan se inosan k'pote fado
Pou tout moun ki damou
Nou bezwen on tribunal lanmou

[Refrain 2]
Même quand le ciel saurait tant que je t'aime
Trust me chérie I can love u better
Personne ne peut t'aimer autant que je t'aime
Oh please baby let me be ur shelter

[Verse 3: (2x)]
Pwovèb la di moun ki renmen ou an
Pou li'w pap janm yon bèt nwa
Lap la pou ou, soufri ak ou
Nan tout enpas ki prezante ak ou
Eskiz pap janm egziste
Pou ou tout afèl ap dedike
Franchman mpa janm sezi konsa
Se avèw mwen wè tèt mwen konsa

[Refrain 2]
Même quand le ciel saurait tant que je t'aime
Trust me chérie I can love u better
Personne ne peut t'aimer autant que je t'aime
Oh please baby let me be ur shelter

[Siw renmenl, tretel byen (2x)]