Nou Gen Dwa • El Rey Beatz

ADDED BY STEEVEELREYBEATZ (OCT 22, 2015 AT 3:38 PM) 18,446 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: 0
Year: 2015
Featuring: D-A , Ti Neg Lyankou A
Produced by: LG.Prod.
Lyrics by: EL Rey Beatz , D-A , Ti Neg Lyankou A

Yeah ! konbyen nan nou kap tann yon rpns ak tout yon kesyon poze
San ke nou menm sou anyen nou pat mize'n kom nou vle opoze
Eske'n panse yon jou tout va bien kesyon saa tout moun ap poze
Oye ! yo aji e pawol yo fe konprann yon espwa 1939
Men yo bliye ke espwa yon peyi se jeune se pa vyeyes
An nou mete vwa nou ansanm poun moutre yo ke dwa'n egziste poun revolte e denonse , yow (D-A )

[Verse 1 D-A ]
Wi nou gen dwa pou nou pale denose sak pafe nou byen*
Nan yon peyi tout jeune chita ap gade san regle anyen*
Aswe ke bisnisman n ap kase demen fow tande gen plenyen*
Anpil j'en pedi fyete yo koz peyi a pa ofri yo anyen*
Menm si'n gen dwa pou'n pale gen dosye'n paka manyen*
Ak koze brant yo fe silans depiw we sa gon pase men*
Rezilta eleksyon mal pou bay sak pedi a bay yon ti monnen*
Komanw ta vle poul pa refet paske gen yon men kache*
Nan peyim gen anpil magouy gen twop malis kache*
Siw tande bandi nan prizon paske pa gen eleksyon*
Komanw ta vle pou m ap viv byen non peyi tout moun sou tansyon*
Non peyi karifyesta fet se pa tout moun ki ka wel*
Si gon media ki deplase pa gen kouran pou moun wel*
Tan pou yo ta rezoud kouran yo pito met lanpade*
Nou stil toujou nan blakawout pandan n nan syek des limye*
Mw paka pale de chanjman pandanm poko ka we kle..

[Refrain - ( El Rey Beatz )]
Nou Gen dwa pou'n pale tout sa'k pa fe nou byen
Sa'k sou ke'n fin anpile vin rann nou paka viv byen
Chak jou'n oblije lage'n pase
Toutan n'a dlo nan je
[Bis]

[Verse 2 - ( Ti Neg Lyankou a )]
Nou Gen dwa ,nou fon chwa sou beat sa nou fel ak 3*
Ti Neg Lyankou a ft El Rey avek D-A ( Piti hit la )*
Fan yo kounya ki pral jije kiyes ki gen kontwol beat la*
Fanatik sa se dwa'n nou gen dwa pou'n refizel *
Nou gen dwa pou'n revizel *
Nou gen dwa pou'n akseptel*
Nou gen dwa'n tou pou'n rejtel *
Nou gen dwa chwazi sa'n vle*
Nou gen dwa di nou pa vle *
Nou gen dwa revandike*
Nou gen dwa manifeste*
Nou gen dwa di sa nou vle*
Nou gen dwa a la libete ,egalite fratenite men pouki'n pa janm ka renye*
Yon sel peyi yon sel drapo nou son sel pep men pks 'n toujou an 2*
Neg anwo ak neg anba neg sa yo pa janm akode*
Eske se ti mantalite ki fe'n toujou ret divize*
Sou beat sa nou pral moutre lot yo kijan nou afilye*
Apre flo sa m fin lage fanatik pral gen dwa jije*
Fanatik nou gen dwa'n pou apresye'l derefizel si'l pa nan gou'n*

[Refrain - ( El Rey Beatz )]
Nou Gen dwa pou'n pale tout sa'k pa fe nou byen *
Sa'k sou ke'n fin anpile vin rann nou paka viv byen*
Chak jou'n oblije lage'n pase *
Toutan n'a dlo nan je *
( Bis)

[Verse 3- ( El Rey Beatz )]
Ui se nou tout man ki gen dwa pou'n pale dekrive tout sak fe nou mal*
Tout sak sou ke'n yo nap krache koz flem sa fe nou mal*
E'n gen dwa pou'n gade pwente dwet nou sou sak fe nou mal*
Denonse tout zak malonet ki rann la vi'n pase mal*
Twop vye salte'n we devanje'n now ke'n plen lap ranvese*
Byen eritaj pa pase we'n tou pa gen moun pou'n remesye*
Dim konbyen nan nou 'k pre n'ta fon chen n'ta ale san jame kase*
Dwa'n tou aplike nan tet ansanm frem se sann rase*
Non ,non pyes moun pa alinye moun ,kile pou'n cheche alye nou *
Si se tout sa'n fe yo ki twop devan sa'n kwe a ann met ajenou *
Lespri'n anchene 2 pye'n mare on pa n'paka fe *
Menm sa'n te konn bourade pwomet nou on pa n'paka fe*

[Bridge - (El Rey Beatz )]
Nou Gen dwa pou'n pale yeah dwa pou nou revolte yeah*
Nou Gen dwa pou'n seme iiiiiiiii dwa pou nou rekolte yoyoyorhhhh*

[Refrain - ( El Rey Beatz )]
Nou Gen dwa pou'n pale tout sa'k pa fe nou byen *
Sa'k sou ke'n fin anpile vin rann nou paka viv byen*
Chak jou'n oblije lage'n pase *
Toutan n'a dlo nan je *
( Bis)

[Outro- ( El Rey Beatz )]
Yeah ! Hip hop universelle *
Anh anh ! dj lovy (Love For Love)*
okeyy okeyy *
El Rrrrrreeyyyyyyy Beatz *