Mize Malere • El Rey Beatz

ADDED BY STEEVEELREYBEATZ (OCT 22, 2015 AT 2:37 PM) 17,921 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: 0
Year: 2015
Featuring: Ti Bibi
Produced by: LG.Prod.
Lyrics by: EL Rey Beatz ,Ti Bibi

Patwon´m pat konn koman pou´l mete´m deyo
Yon senp diskisyon li di´m li pap ka kontinye
Yon ti dife ki pete nan chanm mwen an
Li pat gentan pou´l te fe anpil gwo dega

Li mete tout rad mw deyo
Li di fe mwen pa we talon´w
Madanm pitit ape kriye
La mize vin ogmante
Gen yon je kape gade la ouve yon pot pou mw
Se sekou mape mande se mize malere

Mize malere
Mize malere

[Flo (El Rey Beatz)]
Nan yon sosyete se gran´k kote depi´w se feb wap koule
Depi zen pete´w met inosan´w son malere wap koule
Malgre efo´n kenbe dwet nou kout devan gwo palto n´abuze
Yon senp ere tout moun anflame poutan se mwen´k akuze
M pa konn moute m pa konn desann tout moun net a dlo nan je
Espwa´m pa plis ke soufrans kounya paske son lakou´m tap jere
M gen lway kay poum peye manman pitit pou´m bay manje
Mete´m deyo chak jou kounya sou twotwa sann map twote
M pa konn kisa m fe map peye
Mize pap fini pou malere
Men jiskile map jwenn yon souf ak mize pou´m di adye
Imilyasyon nan bouch le zom m bouke pran m dekouraje
M ka di la vi fini pou mwen paske´n pa gen espwa noooooo

[Refren (Ti Bibi )]
Patwon´m pat konn koman pou´l mete´m deyo
Yon senp diskisyon li di´m li pap ka kontinye
Ak pitit fi´m lape soti byen souvan
Menm vwazinaj ap bay ti tripotay kou van

Li mete tout rad mw deyo
Li di fe mwen pa we talon´w
Madanm pitit ape kriye
La mize vin ogmante
Gen yon je kape gade la ouve yon pot pou mw
Se sekou mape mande se mize malere

Mize malere
Mize malere

[Flo (El Rey Beatz)]
Sa di men le´w gen pitit kout bek le zom dwe fe´w plezi
Ou dwe reziye´w avek la vi selman senti´w marel pi di
M konnen malere se tit mwen m pap janm fin pase tray
Men pou byen pitit mwen yon jou pou li pa gen swe m pap bay
M gon fos m dwe priye
Lache jame sa pap rive
Fok abraham di setase pou malere sispann kriye
Mize kay madanm kay patwon pou sa desitire
M konnen gon pot ki pou louvri pou´m gran soley li pral briye

[Refren (Ti Bibi )]
Patwon´m pat konn koman pou´l mete´m deyo
Yon senp diskisyon li di´m li pap ka kontinye
Yon ti dife ki pete nan chanm mwen an
Li pat gentan pou´l te fe anpil gwo dega

Li mete tout rad mw deyo
Li di fe mwen pa we talon´w
Madanm pitit ape kriye
La mize vin ogmante
Gen yon je kape gade la ouve yon pot pou mw
Se kou mape mande se mize malere

Mize malere
Mize malere

[Bridge (Ti Bibi )]
Wooooooo ou wo ou wo ou wooooooooooo
Wooooooo ou wo ou wo ou woooooooooo
(sa se mize malereeeee eeeeee eeeeeeeeee)
Wooooooo ou wo ou wo ou woooooooooooooo
(ouuuuuu sa se mize malereeeeee eeeee eeeeee)
Wooooooo ou wo ou wo ou woooooooooooo00

[Refren (Ti Bibi )]
Li mete tout rad mw deyo
Li di fe mwen pa we talon´w
Madanm pitit ape kriye
La mize vin ogmante
Gen yon je kape gade la ouve yon pot pou mw
Se kou mape mande se mize malere

Mize malere
Mize malere