Madanm Mwen (Te Mèt Pa Bon) • Disip

ADDED BY TOUCHLA (SEP 1, 2015 AT 2:31 PM) 30,783 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2014
Produced by: Gazzman Couleur

Se tout kote'm pase
Mwen jwenn y'ap pale'w mal
De ou jan yo pale, Cherie sa pa nòmal
Mwen menm m'louvri pòt kè'm
Tank ou pòt katedral
Ladann m'mete w kòm sen
Ou mèt rete kè kal

Gen sa ki di w' son pwostitiye
Gen sa ki di w' son loraj kale (se pa vre)
Gen sa ki di ou pa reprezante
Ton moun pou'm tolere
Men se devwa m pou m efase
Tout vye imaj yo vle pwojte
Avè w egzanp mw pral trase
Anpil lòt nèg pral vle posede w

Pa pale pa di yon mo rete kè kal
Pa pale pa di yon mo menm lè y'ap pale w mal [bis]

Gon pil k'ape pale, Cherie se kè gonfle
Se paske yo ta vle relasyon'n pa rete
Se vre ti bri kouri, konn menm gache avni
Li konn rive detwi 2 moun ki fin uni

Rete saj kon Vyèj Mari
Pa okupe w de sa y'ap di
Nou pral fè yo sezi
Lanmou n se pou lavi
Men se devwa m pou m efase
Tout vye imaj yo vle pwojte
Avè w egzanp mwen pral trase

Madanm mwen te mèt pa bon
Kite l la, lap fè manje la banm ti mòso [bis]

Madanm mwen te mèt pa bon
Pa di'm m'pa vle konnen
Se pa li menm kap vin ranje lemonn
Chak moun gon grenn zanno andedan kay òfèv
Mwen pa mete pèsòn siveye madanm mwen

Madanm mwen te mèt pa bon
Kite l la, lap fè manje la banm ti mòso [bis]

Moun ki santi l san peche
Voye premye kout wòch la
Pwòpte kay pa w avan w pale kay zòt mal
Chak moun gon grenn zanno andedan kay òfèv
Mwen pa mete pèsòn siveye madanm mwen

Gade nèg kap tcheke fanm mwen an
Ou pap sis

Mwen vle w ret saj kon Vyèj Mari
Pa okupe w de sa Yap di
Tout sa kap fè bri kouri
Nou pral fè yo sezi
Ou pral briye kon zetwal minwi
Nan pwisans le Sentespri
Mwen menm avè w se pou lavi
Cheri n'pral fè yo sezi...