Byen Domaj • Top Adlerman

ADDED BY GEN11 (AUG 24, 2015 AT 11:50 PM) 27,133 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2015
Produced by: J Beatz
Lyrics by: Top Adlerman

[Intro]
Huh
Oh nanana

[Verse 1]
Lè m gade kijan nou ye,
Jan nou heureux lè nou a de
Lè m sonje moman n pase strès ki vole lè nou kontre
Sa fè m remèsye Bondye, m santi priyè m ekzose
Nan kè m son w rivyè jwa k koule paske m jwenn yon bebe
Dat sa cheri kote w te ye son w fanm tankou w mwen tap chache
Malgre tout sa m frape danje pa byen domaj baby

[Chorus]
Byen domaj ou marye
Pa ka viv menm kote
Byen domaj ou marye
E m pa vle fwaye w kraze
Byen domaj ou marye
Pa ka viv nèt ale
Byen domaj ou marye
Ou son w paradi k banm yon goute

[Verse 2]
Lanmou an mwen, ti kè an mwen
Doudou an mwen kòd lonbrit mwen
Ou redwi chagren m
Montre m renmen ou fè m vin byen
Men m wè se pa pou lontan kè mwen ap toujou kontan
Dwèt ou gen on tou won san fon
Mwen deja fè bafon
E m pa wè ki fason ke nou ka viv pou lontan

[Chorus]
Byen domaj ou marye
Pa ka viv menm kote
Byen domaj ou marye
E m pa vle fwaye w kraze
Byen domaj ou marye
Pa ka viv nèt ale
Byen domaj ou marye
Ou son w paradi k banm yon goute

Nou renmen
Son w renmen changren
Bodyab nou
Nou damou fou
Oh oh

J Beatz Ou wè vil
Oh oh oh - Watchakrazem my darling my heart is crying
Oh oh oh - All the good time my darling me reminiscing

Cheri m santi ti kè w frajil ou anvi plere
Tèlman fwaye w ap maltrete w ou oblije komèt yon peche
Sa fè m mal anpil lè m wè se avè m wap pataje l
Tanpri bondye wa padone l men lanmou an pi gran pase l
Lè swa pou m dòmi se anpil trajedi tèlman map reflechi
Pa ka viv oh oh, pa ka viv baby
Menm nan telefòn lè n ape pale tout tan fò w kouri rakroche
Oblije eh eh, oblije doudou

Oh oh oh - Watchakrazem my darling my heart is crying
Oh oh oh - All the good time my darling me reminiscing

Lè swa pou m dòmi se anpil trajedi tèlman map reflechi
Pa ka viv oh oh, pa ka viv baby
Menm nan telefòn lè n ape pale tout tan fò w kouri rakroche
Oblije eh eh, oblije doudou

Lanmou sa vin pou toumante m – lanmou sa
Lanmou sa vin pou panike m – lanmou sa
Lanmou sa vin pou deranje m – lanmou sa
Lanmou sa vin demantibile m – lanmou sa

[Chorus]
Byen domaj ou marye
Pa ka viv menm kote
Byen domaj ou marye
E m pa vle fwaye w kraze
Byen domaj ou marye
Pa ka viv nèt ale
Byen domaj ou marye
Ou son w paradi k banm yon goute