Fanm Chans Mwen • T-Prudhomme

ADDED BY THEMAN (AUG 23, 2015 AT 9:31 PM) 20,069 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Featuring: Alex Legrand, Mike

[INTRO]
[TPRUDHOMME]
Yo mike fanm sa se fanm chans mwen oui man, li toujou la pou mwen
[MIKE]
Yo! Manse pa mwen pou di sa, pale avèk fanm nan man
[TPRUDHOMME]
Ebyen edem chante pou li baz

[Mike - Refrain]
Ou se fanm chans mwen
Lannwit kou lajounen tout kote w pase mwen pap janm fin di w Mesi
Ou se fanm chans mwen
Nan tout kalamite ou soufri avèm
Menm le ti pòch mwen pat tro Bon
Ou se fanm chans mwen
Ohhh ou se fòs mwen
Tristès, dezolasyonnnn
Ou se fanm chans mwen
Nan lanmou ou ban mwen kado

[Verse #1]
Cheri'w se fanm chans mwen
Devan bondye se ou'm renmen
Avèk tout fòs mwen
Ou se flè kap boujonnen andedan kè mwen
Ou tankou sant ki nan pafen'm
Ou banm plezi
Ou fèm dòmi
Ew fèm Krezi huhhhhhhhhhhh
Se avèw mwen vle ye
Se pou ou ke mwen ye
Ou se limyèm nan Fè nwa
Anverite'w mèt kwè mwen
Gen defwa mwen konn grangou
Fason w pale fè vant mwen plen.

Alex LeGrand eee ou'l yeee iiii

[AlexLeGrand]
Ou se la vi mwen
Ou se tout kè mwen
Se lè mwen rankontre w
M reyalize
Ou sèl fanm ke m te vle posede
Ou se san ki koule nan venn mwen
Ou se se antidòt tout malèz mwen
Transfizyon sewòm nan la vie mwen

[Verse #2]
Ou se sèl fanm ke mwen konfye
Ou se sèl fanm ke'm adore
Lem met tèt mwen sou zorye
Se a ou men ke map reve
Le matin lè mwen leve
Sèl yon ti bo kont pou BreAkfast mwen
E ou toujou rete bò kote m
Antourem tankou se lombwaj mwen
Sitou lèm nan difikilte
Ou toujou la Pou fèm souri
Se pou tèt sa mwen baw lanmou
Paske pata vle w soufri
Absans ou son nostaji
Prezans ou se paradi
Se Chak jou'm di bondye mesi
Paske se ou mwen te chwazi

[Mike - Refrain]
Ou se fanm chans mwen
Lannwit kou lajounen tout kote w pase mwen pap janm fin di w Mesi
Ou se fanm chans mwen
Nan tout kalamite ou soufri avèm
Menm le ti pòch mwen pat tro Bon
Ou se fanm chans mwen
Ohhh ou se fòs mwen
Tristès, dezolasyonnnn
Ou se fanm chans mwen
Nan lanmou ou ban mwen kado

[Verse #3]
Menm lè kat mare twa
Nan moman'm pa gon dola
Ou banm push, ou pa banm chwa
Poum detounen menm pou yon fwa
Lèm vle dekouraje
Gadew nan zye mwen wè espwa
Ah ah ah ah ah Mèsiiiiiiiii cherii
Pou pasyans ou pran avèm
Malgrem te vakabon
Ou te toujou fèm konfyans
Si jodia m'pa nan bwè alkòl
Mwen arive gon JÒB ak kòl
Paske se ou te gen kontwòl
Pa men yon jou te gadem dwòl
Ah ah ah ah ah ah
Se pa djòlè, se pa djòl alèlè
Siw wè TPRUDHOMME ap rape
Paskew gen bon kalite,
BÈL bote, unite
Ou gen libète
Pou fèm saw vle
Ou toujou la pou supòte m
Ede'm reyalize
Tout rèv mwen yo te finn gache
Tout rèv mwen yo te finn Gache
Valè nèg ki vle nan PLAS mwen
Map fè devwa m Poum toujou LA
Se ou ki fèm komprann lavi
Oh yesss nou gen avni
Pou jan'n , pou jan'n uni
An nou konstwi yon family
Pou nou kapab viv
Yon bèl vi
Paske
Se ou ki fanm chans mwen

[Mike - Refrain]
Ou se fanm chans mwen
Lannwit kou lajounen tout kote w pase mwen pap janm fin di w Mesi
Ou se fanm chans mwen
Nan tout kalamite ou soufri avèm
Menm le ti pòch mwen pat tro Bon
Ou se fanm chans mwen
Ohhh ou se fòs mwen
Tristès, dezolasyonnnn
Ou se fanm chans mwen
Nan lanmou ou ban mwen kado