Oupila • Magnum Band

ADDED BY THEMAN (JUL 31, 2015 AT 4:55 PM) 31,119 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 1993
Produced by: Dadou Pasquet
Lyrics by: Dadou Pasquet

[Verse 1]
Cheri lè n te kite kè m te tèlman blese m te vle fè w mechanste
Kou on vwatu dezanbriye tan ape pase mwen pa ka bliye w
Konen se le pase men m toujou ap mande pouki sa pat mache
Ou fèm soufri lontan a chak fwa mwen pale w toujou di m se pa vre

Chak fwa ke m rankontre w fè kòmsi m pa bezwen w
Menm si ou wè mwen pap kriye andedan kè m ap dechire
Chak fwa ke m rankontre w fè kòmsi m pa renmen w
Menm si ou wè mwen pap kriye andedan kè m ap dechire

[Verse 2]
Pou jan nou te renmen pèsòn pa ta panse ke yon jou n ta kite
Men lè sa pa mache pa gen de solisyon n oblije separe
M swete yon jou ou twouve yon lòt gason k renmenw e ki pap janm kite w
Cherie pa janm bliye menm si n pa viv a de mwen vle w toujou heureuse

Chak fwa ke m rankontre w fè kòmsi m pa bezwen w
Menm si ou wè m pap kriye andedan kè m ap dechire
Chak fwa ke m rankontre w fè kòmsi m pa renmen w
Menm si ou wè mwen pap kriye andedan kè m ap dechire

Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti

Byen ke m twouve yon lòt doudou e panse a ou tou lè jou
Lè konsa m santi mwen dekontwole mwen santi m debousole
Wi se ou, se ou ki toujou gide mwen
Li pran mwen tan pou m reyalize l e m pa ka efase l

Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti

Wap padone si m di w cheri lanmou m pou ou pap janm fini
Tèlman m gen souvni, m pa ka bliye w, m pa ka bliye w
Franchman m ta renmen wè w ankò, menm si nou ta fè ti chita pale
Doudou m ta santi mwen soulaje

Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti