Yo Pa Cool • Timber G

ADDED BY THEMAN (JUL 20, 2015 AT 7:04 PM) 21,914 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Lyrics by: Timber G

[Intro]
Ou pap bay mennaj ou plezi, ou pa cool non,
Ou pa vle mennen li soti, ou pa cool non,
Epi ou bezwen fè jalouzi, ou pa cool non,
Bagay yo pa legliz, fok ou cool man,

[Verse 1]
Gen anpil nèg kap pran poz yo gwo pleyè,
Gen anpil nèg kap di yo se gran kreyè,
Men nan reyalite a yo tout pase tchwè,
Yo paka jere yon relasyon, sa se klè,
Gen mawozo ki kwè nan bay kob sèlman,
Yo ka kapte yon fanm, nèg yo sot tèlman,
Fè atansyon eleuman,
Fo’w bay mennaj la lov avèk ankadreman,

Mwen “Timber G”, original blodè ki la,
Lè’m gen yon fanm m ba li plezi, m ba li seza,
Tout sa li mande lè nou ap trip sa’l di se sa,
Si’w kwè’m manti, madanm yo ap baw verite a.

[Hook ]
Ou pap bay mennaj ou plezi, ou pa cool non,
Ou pa vle mennen li soti, ou pa cool non,
Epi ou bezwen fè jalouzi, ou pa cool non,
Bagay yo pa legliz, fok ou cool man,
Ou pa vle ba li bakchat, ou pa cool non,
Ou pa vle ba li lalipap, ou pa cool non,
Ou pa vle li ba’w 2,3 tap, ou pa cool non,
Kijan’w ta vle pou’w genyen’l sèlman, fok ou cool man

[Verse 2]
Gen anpil fanm se vre yo se gran diva,
Gen anpil fanm ki byen fre ki gen dola,
Selon mwen fanm pata ka pran nèg yo konsa,
E poutan nan reyalite a li pa konsa,
Medam pa panse depi nou bèl sèlman,
Nou ka fè gason damou, sa se yon erè tèlman,
Fè atansyon ti manman,
Fo’w bay mennaj la lov avek divètisman,

Mwen Timber G, original blodè ki la,
Lè’m gen yon fanm m ba li plezi, m ba li seza,
Tout sa li mande lè nou ap trip sa’l di se sa,
Si’w kwè’m manti, madanm yo ap baw verite a.

[Hook]

[Bridge]
Ou ka wè bagay yo vinn pi difisil kounya,
Fanm kap bay plezi a se li ki supèsta,
Blodè pa gen tan pou’w zuzu kounya,
Si’w paka jere moun, ou pap jwenn respè a,

Ou ka wè bagay yo vinn pi difisil kounya,
Fanm kap bay plezi a se li ki supèsta,
Blodè pa gen tan pou’w zuzu kounya,
Si’w paka jere moun, ou pa cool non,

[Hook]