Ti Jo & Sline • Atis Constant

ADDED BY THEMAN (JUL 14, 2015 AT 7:21 AM) 23,326 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Featuring: Becke O

[Vès]
Ti jo e Sline se madanm ak mouche
Nan bizoton se nan katye sa yo rete
Vire tounen ti jo e sline ap diskite
Kot kòb manje a ti kaline ap trepase
Ti jo reponn m pa gen kòb kisa poum fè
Le m te kontre w te dim mpap travay ou te dim sa sa fè
Men kounya w mande anraje ou blaze ma chè
Yon bout diplòm m gen nan dadam anyenm m pa ka fè
Pa montew sou mwen sline pa monte w sou mwen
Se mw k gason w pa bezwen dim mwen konn devwa mwen
Veye zow ak mwen sline veye zow ak mwen
Epaw lonje dwet nan figim mwen fout baw legen

[Refren]
Podyab pou yo sikonstans lavi fè yo bliye
Si lanmou anyo te ekziste
Ti jo & sline mande anraje
Se vre! Se vre lavi bayo do
Yo te oblije ale brase
Al chèchè kichòy pou yo pote
Pou ti kaline pa trepase (bis)

[Vès Rap 1 (Becke O) ]
Akoz de ka lune sline pran lari pou l' al cheche lavi
Tcheke tout fanmi yo meprizel se sikonstans lavi
Li vann tout sa li genyen ti kob la pase
Men kounya chak swa l nan yon kwen se brase lape brase
Lap vann ti pati li genyen an tout la vi lap cheche
Sline son fanm ki te gen tèt pouli lavi vinn tounen fwèt
Kounya l tonbe nan diskotek de tan zan tan neg ap bal tchèk domaj ti jo

[Ves rap 2 (Atis Constant) ]
Ti jo vinn tounen machann dlo men ti kòb la pa ase
Lè Ti jo konn wè vwazin l yo se kachel konm al kache
Podyab Ti jo ki pa konnen se lavi lape cheche
Il n y a pas de so métier paske travay se libète
Anpil nan nou vinn pretansyeu nou pa vle fè nenpòt travay
Nan lavi siw vle rive gade monchè fow pa pè chayy
Ti jo ke n tap kritike li pa care li pa mayy
Men ti sa li te fè a se avel li lwe yon kay

[Refren]
Podyab pou yo sikonstans lavi fè yo bliye
Si lanmou anyo te ekziste
Ti jo & sline mande anraje
Se vre! Se vre lavi bayo do
Yo te oblije ale brase
Al chèchè kichòy pou yo pote
Pou ti kaline pa trepase (bis)

[Ves rap 3 (Becke O)]
Me again
Nou tout konn sa ki la vi gen fwa li dous gen fwa li di
Se pa chita tt la jounen ret tann pou di mesi
Se travay pouw travay demen pouw ka rejwi
Map baw egzanp ti jo & sline yale cheche lavi
E lè li fè midi yo poko janm ka souri
Pafwa gaz anpare yo andan vant yo ap bouyi
Mw baw egzanp sa frèm menm siw we lavi di
Piga ou al pran metal pouw tonbe nan sak mal
Pafwa w konn gen moun lòtbò yo la pouw baw bel anteman
Men yo pa janm konn sak touyew se soufrans ak move moman
Gade ti machann nan kap vann lap ret tann poul pa tounen pwa tann nan
E l konn kisa lap defann nan
[AtisConstant)]
Lape cheche lavi

[Bridge (Atis Constant)]
Oh! Oh! sou tèt ti kaline laj ap monte
Oh! Oh! Ti jo & sline finn debode

[Refren]
Podyab pou yo sikonstans lavi fè yo bliye
Si lanmou anyo te ekziste
Ti jo & sline mande anraje
Se vre! Se vre lavi bayo do
Yo te oblije ale brase
Al chèchè kichòy pou yo pote
Pou ti kaline pa trepase (bis)