Danse Zonbi • K-Zino

ADDED BY DIDIER (JUN 11, 2015 AT 1:18 AM) 20,262 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2015

[Intro ]
Danse zonbi
Wo wo wo
Tout moun se – ohoh
Ann ale se – oh oh
Fè m tande nou se – oh oh
Kriye se – oh oh

[Hook]
Zonbi bann mannan – wi wa
Kenbe ti poulèt – wi wa
Ti poulèt sove – wi wa
L ale nan mache – wi wa
Zonbi bann mannan – wi wa
Kenbe ti poulèt – wi wa

Adye oh Dye

[Verse 1]
Kite m jis di sa m panse
Kijan mwen santi m etranje
Nan pwòp peyi m lè map tande
Tout sa kilti n posede son w vrè trezò kache
Lè papa m ap rakonte – m toujou etone
Mwen la m chita m ap tande – mwen rete bouch pe
Lè manman m ap eksplike m – m santi m dezole
Pou m wè tout sa k efase

Tankou zonbi bann mannan – ou oh oh oh
Yo te konn jwe lontan – ou oh oh oh
Wi mwen konprann bezwen pou nou modènize
Men tout bon bagay nou yo pa dwe fin derasine
Lè papa m ap rakonte – m toujou etone
Mwen la m chita m ap tande – mwen rete bouch pe
Lè manman m ap eksplike m – m pa janm ka pale

Gade kijan tout tradisyon n yo pèdi – oh no
Timoun kounya pa konn tonton bouki – oh no
Yo pa fè lago kouri nan tout lari
Men avèk K-Zino n pral danse zonbi

[Hook]
Zonbi bann mannan – wi wa
Kenbe ti poulèt – wi wa
Ti poulèt sove – wi wa
Wi l ale – wi wa
Zonbi bann mannan – wi wa
Genlè l ale nèt – wi wa
Sèl sa w ka fè se danse – wi wa
Oh

Ou poko wè klè – ok
Ou pa bezwen pè – ok
Fè kòw lejè – ok
Epi danse zonbi
Danse zonbi (4x)

Si yo ta chanje – konnen nap toujou ka danse danse danse
Men lè n ta vwayaje - konnen nap toujou ka danse danse

[Guitar solo]
Potoprens Jacmel Gonayiv Jeremi Okay Okap Sen Mak
Men djazz la relèv la
Oh oh oh oh (repeat)

Haitien natif natal – konnen nap toujou ka danse
Danse kisa
Danse zonbi (4x)