Men Sa Ki Style Sou Beat • Glamorous

ADDED BY ZOKLO (JUN 10, 2015 AT 11:51 PM) 18,070 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Lyrics by: Glamorous

[Intro ]
Glamorous Lirik6 Panik lan Mr the punchline
Yeah yeah men sa ki punchline
OK men sa ki punchline
Aaaaaaaah I me dat man
Pou sa k pral fèt la eske tout bon vre ou atantif
Ou okay ebyen jis tande
Men sa ki style sou beat men sa k freestyle

[Verse ]
M vin fè tèt nèg yo cho tankou chyen k pran nan pafen
Sa k gen plis ke kran vin an fas mwen
M prè pou m pase yo pa 5
M gen tout jan pou m atake tout sa k panse yo pa senp
Non non pa bafre m ni pran m pou nèg so
Jamè m pap janm fake tankou lòt yo
Koz m gen tout jan pou m jere bif
Anvanyen men m nan qlòt m pa yon nèg ki bere bitch
Saw pa panse a li map fè saw panse a li m pap fè
M ap byen chofe travay m komanse a li pap frèt
M vin fè w aprann ke m son new demon hip hop frè
M son vèb k au present non pas passe ni a l'imparfait
M vin fè sonje game nan yo bliye
Sa k te kwè yo se bon grenn yo repliye
Yo pa bad vwa yo ta pi lari ke mwen
Now m ap bat pou m fè popilarite mwen
Avantaj kòk se nan zepon'l richès poul se nan ze'l ponn
Sa k mouye a se pa ret cool se just reponn
Depiw bay kou paw just ret tann
Pa gen jwèt nèg nan pakou w konn sa w ap defann
Sa son bad opera m vin fon lo pe la
Pou sa k gen dyare yo m se M lopera
M vin konstipe yo sèk kou ke pen
Fin koute m w ap wè m pap janm klase nan sèk ou kreten
Tout sa k pa dwat aranje yo m vin pase men
Men true talk believe m pa vin met pase genyen
Tout sa k ap this that dayè flow pase yo m genyen
Y'ap fè plis back pandan setan mwen m ap pase byen
Men sa ki rap de bon kalite
Avan tou se mind pa panse ak sèl de main ou ka lite
Men sa ki style sou beat men sa k freestyle
Avan tou se travay pou yo di ke w son kalifye
Lè w pa MC tou ou pa parèt pre miko
Lè w di gede ou pale de nibo anvanyen yo pale de nivo
Pandan lè m sky yo pako ateind men m Tour Ephel
Pou travay la sa k fristre a ebyen touye m fè'l
.
[outro]
Ah ah touye m fè'l non ,
Glamorous Lirik6 Panik Lan
Sa poko anyen la dèyè gen plis toujou
Men sa ki style sou beat men sa k freestyle.