Après 1804 • Nicolas

ADDED BY DIDIER (MAY 19, 2015 AT 11:10 PM) 21,459 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Lyrics by: Nicolas

[Verse 1]
Depi 1804 endepandans nou pat konvenkan
On bann tipayen tankoun kisa'n ye pou'n ta konvenk blan
Sak te vle kenbe menn pou'n mache di yo kounya'n konn fent lan
Pou jan'n pòv , lòt peyi ka panse' n ka genw 20 ans
Malgre'n konbat ap mizè pou'n s'en sorti nou toujou febli
Grangou fe'n paka fè silans nan vant nou kou'l jou l fè bri
Sa rann nou pi mechan ayiti w'ap wè tout moun fè krim
Manje a tèt nèg nan yon jounen w'ap wè tout bouch fè kim
Desalin te fè'n kwè chak neg gen yon fòs chen sou nou
Kifè chak ayisyen kounya gen rèv tankou fosten soulouk
Foli pouvwa ki fè nan katran
4 prezidan efemè
Ayiti son kay kabandone ki pat gentan gen fenèt.
Dominiken masakre 20.000 ayisyen sou Louis Borno
Ignoran pa sèlman detwiw fòw konprann li bòne w
Siw pa pitit entèl ou pap janm genw valè kon penich
Yon sosyete mesken tout nèg veste byen rèd kon w penis

[Refren]
Apre 1804 chak ayisyen panse ke yo t'ap viv heureu
Nou nan manti
Desalin , petyon , kristòf èske w tande vwa ti pèp la k'ap kriye
Gad on peyi
Nou kase chèn yo , yo di'n pap konn gou chanjman se layèn, ipokrizi k'ap fleri andedan kè nou
Adye frèm yo , nou pa genw gouvènman e tout sak kanpe avèn pita se yo menm k'ap trèt nou

[Verse 2]
An 1900 nord alexie t'ap gouvène poutan 'l te oktojenè
Wap sezi wè en ayiti tout loko vle maire...(magistrat)
Pouvwa son lago kache menm toto vle myè.
Wap panse pou rezen alòske ou poko kenèp
Zansèt yo te konte sou nou paske'n gen figi gèrye
Esak fèm fyè de yo gwo kout chapo pou filip gèrye
Nou kokobe anba men kòm timoun rachitik
Depiw bandi w chimè ou fè pati de ras titid
Se pa instagram , twitter wout suksè poun' abòne
Kilè polis ap sispann arete'm paske m'ap bone'm
Nou pran ayiti pou diaman e pou blan n' se krizokal
Vi moun pa anyen ayisyen ap viv tankou se priz otaj
Traversons une crise au calme
Yo , m pa konn prix w soda
Pitit desalin ap viv nan cache tankouw priz nan w kay
Wap fòse m benyen nan lari apre pouw ka ri kòm.
Peyim pa ekspòte anyen nou fè pati de Caricom

[Refren 2]
Apre 1804 chak ayisyen panse ke yo t'ap viv heureu
Nou nan manti
Desalin , petyon , kristòf èske w tande vwa ti pèp la k'ap kriye
Gad on peyi
Nou kase chèn yo , yo di'n pap konn gou chanjman se layèn, ipokrizi k'ap fleri andedan kè nou.
Adye frèm yo , nou pa genw gouvènman e tout sak kanpe avèn pita se yo menm k'ap trèt nou

Ohohoh desalin , desalin papa
Ohohoh Petyon , kapwa hahaha