Korije • Fasil

ADDED BY NATOU (MAY 5, 2015 AT 12:09 AM) 27,016 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2015

[Intro]
Ah ah
Fasil

[Verse 1]
Ou pa moun ki kwè nan tèt ou
Pou mwen ou pare e prèt a tou
Nan fanmi ou leve, bagay yo pap janm aksepte
Jodia m fon’w kanpe, systèm mwen se ou l’ dijere
Tripotaj jalouzi vle fè’w kite’m, baby map mande’w

[Chorus]
Korije mwen – mwen pwomèt ou baby map chanje
Ou mèt kwè mwen – na na na na na na, mwen konnen pase’m pa bon se vre
Korije mwen – mwen pwomèt pou’m pa rekòmanse
Ou mèt kwè mwen – na na na na na na, pa kite’m ale nan bra yon lòt

[Verse 2]
Istwa lanmou konplike, sa je pa wè kè pa tounen
An nou pa konsantre sou yon pase ka deranje
Viv heureux son’w danje paske’l rann egri yo anvie
Sa yo di pa defini vi’m baby, kenbe mwen pa lage

[Chorus]
Korije mwen – m’ reyalize baby m dwe chanje
Ou mèt kwè mwen – na na na na na na, mwen konnen pase’m pa bon se vre
Korije mwen – ou ohh yeahh m renmen’w
Ou mèt kwè mwen – doudou

[Bridge]
Se vre dè fwa baby m konn fè’w kriye - oh oh oh
Inyorans mwen konn pouse’w chanje lide – oh oh oh
Kanari bay dlo fre se ou k’ pou mete’l – oh oh oh
Pa jete’m korije’m fè vi’m jan ou vle

Baby, baby please don’t go nowhere
You’ve been there for me through my ups and down honey
I need you by my side
[2x]
Epi fasil lage

[Keyboard solo]

Si lanmou konn danre, ki lak pou’w rekòlte
Nou se bèf chari lak pou raboure
Li se makout sou do’m
Li se kouto digo’m
Men lanmou sa m bo’w respè

Baby, baby please don’t go nowhere
You’ve been there for me through my ups and down honey
I need you by my side
[2x]
Epi fasil lage

[Keyboard solo]

Baby, baby please don’t go nowhere
You’ve been there for me through my ups and down honey
I need you by my side
M bezwen’w my love