Jere'm • Harmonik

ADDED BY JESS24 (APR 26, 2015 AT 6:08 PM) 22,142 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2009

[Verse 1]
Pouki w’ vle se lavi k’ montre’w
Kòm prèv ou vle wè dlo nan je’m
Poutan w’ deja konnen se ou ki domine m’
Ou son’w fanm ke’m vle genyen
Ou se tout sa nanm mwen bezwen
Ki konnen jan bou’l banm lanmou tout lajounen
On son’w fanm ki eksperimante
Ou konn tout langaj jennjan pale
Sèlman wa gade’m nan je, ou va wè kè’m an danje
Ou va wè sa’m panse, espere kèm ap soulaje

[Verse 2]
Ou pa fanm nèg ka enpresyone
Ni ou pa konn renmen par pitye
Volonte pa’w se lanmou k’ ka brize l’
Jou m ta jwenn privilèj pase
Rive kot jadin kèw plante
Si finalman yon jou ou ta aksepte’m

[Chorus]
Tèt mwen ma va mete an dènye
Lè m’ape ba ou lanmou chak jou

[Verse 3]
Tout sa mwen ka imajine
Ni flè ni jès mwen ka pote
Tout bèl pawòl ak literati m pale
Sèl sa m konnen ou pap inyore
Se koute kè mwen kap pale
Di verite ki pa konplike
Ke sèl lanmou ka enspire

[Chorus]
Tèt mwen ma va mete an dènye
Lè m’ape ba ou lanmou chak jou

[Guitar solo]

[Hook]
Jere’m (3x)
Men pa jere mwen pa pitye

[Keyboard solo]

[Hook]
Jere’m (3x)
Men pa jere mwen pa pitye
Jere’m (2x)
Pa jere’m daprè saw wè nan le pase

Cheri pa demanti m’ pou sa m’ santi
Ou mèt fè konfyans ak lavi
M’ konnen ou soufri lanmou pat pèdi’w
Moman an rive pou kè’w fleri

[Hook]
Jere’m (3x)
Men pa jere mwen pa pitye
Jere’m (2x)
Pa jere’m daprè saw wè nan le pase

Cheri pa demanti m’ pou sa m’ santi
Ou mèt fè konfyans ak lavi
M’ konnen ou soufri lanmou pat pèdi’w
Moman an rive pou kè’w fleri

[Hook]
Jere’m (3x)
Men pa jere mwen pa pitye
Jere’m (3x)
Pa jere’m daprè saw wè nan le pase