Limena Pa Metye • Vag Lavi

ADDED BY JESS24 (APR 4, 2015 AT 6:23 PM) 15,408 VIEWS EDIT

Genre: Raboday
Year: 2015
Featuring: Bourik
Lyrics by: VagLavi & Bourik

[Intro]
Kovèsasyon

Woyy, ti Fifi di manman se limena l vle ye
Manman di ti Fifi men se lekòl pou’w ale
Lè manman gade li wè se chèn nan pye
Li wè se kanson san fouk, li wè se nen pèse
Manman di ti Fifi bote pa kalite
Konesans pouw mete, gason pa famasi
Pòch gason pa boutik, pòch gason pa antrepriz
Sou yo ou pa poze se CV

Ti Fifi m di’w wi

[Hook]
Limena pa metye (3x)
Se konesans pou’w mete – Ti Fifi
Limena pa metye (3x)
Se konesans pou’w mete – Ti Fifi
Limena pa metye (3x)
Men se lekòl pou’w ale

Fifi achte iPhone – evre
L’achte galaxy – gade lè’w
L’ achte blackberry
L’ pa ka ekri on sms
L’ap bay zanmi chat pou li
Ou joure Fifi – lol
Ou leve deja – lol
Cheri ou manje deja – lol
Cheri ou bwè dlo deja – lol
On se verra plus tard – lol

Kijanw kanpe la?

Woy, si fanm te kenèp
Avan m achte m tap mande goute
Mpa tap pran nan fo fanm
Menm yo se zaboka
Se lèw fin koupe aprè ou wèl pa bon
Pito’w pran nan fo kòb ou pa pran nan fo fanm
Pito’w pran nan fo kòb ou pa pran nan fo limena

Si’w prese ou mèt pran devan – limena pa metye
Si’w prese ou mèt pran devan – way way way way way
Si’w prese ou mèt pran devan – bote pa kalite
Si’w prese ou mèt pran devan – education se kle
Si’w prese ou mèt pran devan – way way way way way
Si’w prese ou mèt pran devan

Yes sa se bourik mouri
Mwen rankontre ti Fifi li vin nan on program
A vennsenk goud mezi pou sigarèt
Rès la sou kont blodè
A toi à toi a Fifi map pale
A toi à toi m pa vin pale fransè
Lap dòmi souf nan souf, la dòmi an kat kat de
Si se pat telefòn li pa tap gen on bel ekriti
Lonje on kaye ba li wap wè

[Hook]
Limena pa metye (3x)
Se konesans pou’w mete – way way way way way
Limena pa metye (3x)
Se konesans pou’w mete – Fifi oh
Limena pa metye (3x)
Men se lekòl pou’w ale

Men de fo men de fo
Men de fo limena
Men de fo men de fo tonnè
Men de fo limena
Yap benyen nan koridò yap di yo gen Jacuzzi
Yap fè van ak bout katon yap di yo gen klimatizè
Woy yap bwè dlo nan krich yap di yo gen frijidè
Woy ou pa ka yon vrè limena siw pat ale lekòl tonèr

Woy medam pa fache, pa fristre
Pa gen on bon limena siw pa gen konesans tande
Pa dim m maledve pa di’m freka
Mizik sa pa pou fanm kite pase sou ban lekòl
Ou tande ou tande
Ou tande ou tan konesans pou’w mete

[Hook]
Limena pa metye (3x)
Se konesans pou’w mete
Limena pa metye (3x)
Se konesans pou’w mete
Limena pa metye (3x)
Men se lekòl pou’w ale

Si’w prese ou mèt pran devan – limena pa metye
Si’w prese ou mèt pran devan – wa way way way way
Si’w prese ou mèt pran devan – bote pa kalite
Si’w prese ou mèt pran devan – education se kle
Si’w prese ou mèt pran devan – way way way way way
Si’w prese ou mèt pran devan

[Outro]
Si’w prese ou mèt pran devan (Repeat)