Pa Juje'm • Shedly Abraham

ADDED BY TIZER (APR 2, 2015 AT 11:13 AM) 18,372 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Djazz La, Vol. 8: Goin' In
Year: 2015
Featuring: Jude Jean | Riva Précil

[Verse 1 - Jude Jean]
Mwen pat janm imajine
Ke yon jou vi mwen ta konsa
Cheri depi w ale nan tout sa m’ap fè m’ap chèche
Ou te tèlman byen konplete m
San ou mwen wè m manke mwatye m
Pa ka rive kontwole m
Depi yon fi menm jan avè w m’anvi avè li

[Chorus]
Pa juje m, pa juje m
Se mwen k konnen sa m pèdi
Pa juje m, pa juje m
Ti kafe nan kabann mwen, pase men sou vant mwen
Pa juje m, pa juje m
Mwen te gentan fin kapte

[Verse 2 - Riva Précil]
Mwen vrèman dezole
E m’gentan fè wout mwen m’ale
Ou te ban m twòp manti
Kè mwen te blese, l’tap jemi
Deside sispann soufri, pou m rekòmanse yon lòt vi
Mwen t’ap monte yon kalvè
Men Bondye ban m fòs pou mwen wè klè

[Chorus]
Pa juje m, pa juje m
Se mwen k konnen sa m pèdi
Pa juje m, pa juje m
Ti kafe nan kabann mwen, pase men sou vant mwen
Pa juje m, pa juje m
Mwen dezole cheri m’oblije ale

[Bridge]
Li toujou pi fasil pou kritike
Lè w jwenn yon sitayasyon ke se pa ou k’ap travèsè l
Si w konnen w pa koupab pou sa w’akize m
Pran wòch ou epi voye l sou mwen

[Keyboard solo]
E sa…nou lage wi la a
Shedly, nou refè l
Yaya yayay
Men konpa

[Chorus]
I’m sorry baby, fò k mwen ale
Désolé cheri, fò k mwen ale
[Verse 3]
Mwen konnen tout sa m di ap sèvi kont mwen
Se sa ki pi fasil pou moun k’ap gade nou de lwen
Depi w chache ekskize w, se kòmsi ou akize w
Pa gen dlo ki pou lave w
Sa pa deranje m

[Hook]
Yo mèt pale di sa yo vle, sa pa deranje m

[Verse 4]
Sa rive anpil ke w g’on fi w’obsede pou li
E li difisil menm lè w ta chèche bliye li
Kounye an ou nan solitud
Te gentan gen abitud ki pral ran n lavi ou pi du
Tout moun wè w fin fou

[Hook]
Yo mèt pale di sa yo vle, sa pa deranje m

[Chorus]
I’m sorry baby, fò k mwen ale
Désolé cheri, fò k mwen ale

[Hook]
Yo mèt pale di sa yo vle, sa pa deranje m

[Guitar groove]

Konpa…
Sa pa deranje m (rpt)