Toujou Gen Sa • Timber G

ADDED BY DIDIER (MAR 24, 2015 AT 9:52 PM) 17,721 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015

[Hook]

Wap toujou jwenn moun nan antouraj ou ki pa vle’w avanse
Toujou gen moun ki pata renmen wè afè’w ap mache
Gen anpil ladan yo kap ri avè’w se trèt yo ye
(toujou gen sa), I say toujou gen sa,
Ou konn panse bagay yo pral pase nan fason ou te swete
Byen konte mal kalkile ou ka jwenn yon kontraryete
Se ou ki pou jere paske vi a konsa li ye
Toujou gen sa, I say toujou gen sa,

[Verse 1]
Frèm sèm, sosyete a pa dous tande
Ladann gen moun kap jwe pyezemen pou'w pa janm ka briye
Ou met kwè'm, yo tout pa gen bon kè ok,
Gen ki ka destabilize'w e fèw menm paka abiye,
Se rete fèm, rete veyatif tout kote,
Kontwole moun wap frekante pou pi devan ou pa kriye
Se vre ou wè yo sanble avèk moun ki poze
Men bon moun pa make nan vizaj son'w bagay pou'w
Pa bliye, depi'm piti manman'm montre'm viv ak trèt,
Paske li konnen gen yon pil ak pakèt
Nèg ki pa ta renmen wè ke mwen ap fè kout bèk,
Nèg yo fout trèt, deyò a se pa jwèt,
Mwen menm map mete may, map mete fòs map mete dwèt,
Pou'm afwonte ènmi kit sak je kale ou je twèt,
Koz sa'm vinn fè sou latè a vle pa vle li dwe fèt,
M pap kite okenn motherfucker fè mwen fè defèt.

[Hook]
Wap toujou jwenn moun nan antouraj ou ki pa vle’w avanse
Toujou gen moun ki pata renmen wè afè’w ap mache
Gen anpil ladan yo kap ri avè’w se trèt yo ye
(toujou gen sa), I say toujou gen sa,
Ou konn panse bagay yo pral pase nan fason ou te swete
Byen konte mal kalkile ou ka jwenn yon kontraryete
Se ou ki pou jere paske vi a konsa li ye
Toujou gen sa, I say toujou gen sa,

[Verse 2]
Eske'w konnen konbyen moun ki pata renmen'w ateri,
Konbyen moun pi gwo rèv yo se wè wap peri,
Yap fè sanblan y'avè'w kou'w pran echèk ya pe ri,
Fò'w siveye'w te mèt ak pwotestan ou ate wi,
Vi a pa gen jwèt sou beton an nèg yo dandi,
Si'w pa pran men'w nan fim lavi a e ou kap bandi,
Mwen map jere mind konpòte'm kou yon apranti,
Pou'm aprann de yo e obsève yo san manti,
Wè moun kap trayi'w la li pap lòt ke yon pwòch ou,
E si'w te TL li'k tap dlo pou te flòch ou,
Anpil nan yo pa vle bagay yo bèl nan pòch ou,
Si se pa fas te nan do wap pran kout wòch tou,
Vi a mande pou'w konbat moun sa yo ak tout fòs ou,
Si se pa sa ou ka wè se yo ki vinn bòs ou,
Mwen m abitye ak sa rezon ki fè'm vin fò tou,
M pap baw manti si yon nèg fè mwen map fout fè'w tou.