Jen Jan M Fini • King Guy

ADDED BY DIDIER (MAR 19, 2015 AT 12:05 AM) 18,238 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015

[Intro]
Yo Yo Yow Wooo It's King Guy www.KenbrownBeatz.com

[Refren]
Jen Janm fini anmwe wooo kounya m gon timoun nan kouti
Neg pap travay son chomeko woooo tet mwen komanse cho
Jen janm fini anmwe woooo kounya m gon timoun neg pap travay
Son chomekooo wooo tet mwen komanse cho ooo

M sonje lem potko ofisyel te toujou swag nan lari
Vire tounen map mete rad tankou m tap viv a pari
Neg ap tcheke fanm sou fanm pou nal nan party
Neg cool neg fre anh nou pral pran plezi
Finalman mwen rankontre on ti fanm nou komanse pale
Nou komanse dyaloge bel pawol bel mo kap tonbe
M gentan fe foli pou li pou li m gentan krezi
Prezante l manman m ak papa m pou l pa fe jalouzi
2 jou pko pase nou gentan nan relasyon seksyel
Bagay la telman bon pou nou li dim li nan 7em syel
Nou fel san prezavatif li dim li pa we reg li
Mwen mande'l kote reg li li dim li pa we reg li
Men kounya mwen paka ap panse pou swag anko
Ki moun k pran kam kounya m pral gon pitit ato
M pa we anwo m pa we anba map panse pou leyet
M pko gon goud alevwa 'm pral diw pou bwat let

[Refren]
Jen Janm fini anmwe wooo kounya m gon timoun nan kouti
Neg pap travay son chomeko woooo tet mwen komanse cho
Jen janm fini anmwe woooo kounya m gon timoun neg pap travay
Son chomekooo wooo tet mwen komanse cho ooo

[Bridge]
Mwen ofisyel mofisyel mwen jwenn pitit pam nan ato
Mwen ofisyel mofisyel mwen pa nan fanm deyo anko
Yo Yo Yow yo te konn pale'm mwen m pat vle koute eee
Men kounya mwen jwenn rezilta aaa men kounya m jwenn rezilta
Manman m te konn pale m

Yow ! m potko menm temine klas mwen m te rive nan seconde
Mwen te tjou bo kote'l sanm pat manke l yon seconde
Kounya bagay la anpire mwen pka nan sere anko
Se jan'l pase pase paske mwen deja anto
Lontan sim te konn mete supra mwen mete sandal
Di l yo a patne mwen pou m pot manje bal
Pa gen travay nan peyi a lavi a di
Si ti neg pata l lekol nou tap nan yo di
Defwa m konn lide al pouse bouret
Mete may nan lari a pou m achte leyet Anh
Rezilta tonbe Anh! kem ap sote
Map Bondye tanpri fe sepa vre li vini tou cho tou bouke
Li dim li ansent li dim kisa'n pral fe manman l li te krent
Kounya tou 2 fanmiy chita yo dim fon marye
Manmanm t konn palem men kote kob pou m marye