Underground Spotlight: Glamorous

STORY BY: WIKIMIZIK • JUL 16TH, 2015

WikiMizik is not just discovering the meaning behind the lyrics, we also want to give you the opportunity to discover new artists, new sounds in the HMI. Through this segment, Underground Spotlight, we will feature up-and-coming artists. We start with Glamorous, a fresh face in Rap Kreyòl, a master in wordplay. We sat down with Glamorous after the release of his latest single, Men Sa Ki Style Sou Beat.

1. Glamorous - poukisa non sa, e ki kote l soti?
Non atis la se Glamorous, Lirik6 Panik Lan se aka mwen. Bon, non sa son non m te bay tèt mwen paske m te twouve ke m trè Glamorous nan tout sa m ap fè e mwen jwenn moun tou ki te twouve m trè konsa tou. Glamorous la li vle di prestigieux e tant d'autre bagay toujou ki donk nan tout sa m ap fè m toujou chame moun e m fè yo resanti yo nan sa m ap fè a. M sedwi yo e mete lespri yo nan yon anbyans.

2. Depi ki lè ou kòmanse rape?
Bon mwen komanse rape trè to paske son tandans m ap swiv depi m piti. M te focus anpil sou ansyen yo an palan de ASRAP, RGM, ORS, Millyon Code kounya ki te vin transfòme an Majick Klick, pandan map tande moun sa yo se rap la ki tap grandi nan lespri m. M te arive ap ekri ti lirik, mwen achte kasèt poum tape yo, epi au fure-et-a mesure map grandi map vin kòmanse ap konprann game nan pi byen. M te vin ekri premye tèks mwen an 2006 ki te yon tèks sosyal ki titre "Tout Ak Kouraj" se avèk li m te premye antre stidyo e se premye single mwen m te gen sou les ondes. A lepòk mwen te gen F Ner ki nan sky FM radyo ki te back up mizik la anpil pou mwen li te toujou mete mizik mwen an nan programasyon rap kreyòl li te konn fè nan radyo a. Mizik la te arive pat video klipe koz m te gen yon feat sou li men dommaj objektif mwen se pat objektif li. Bon m te di m pa gen pou m dekouraje, men ke sa pase konsa. Se lavi, map kontinye travay la pou m fè sa m gen pou m fè a.

3. Kijan ou tap dekri stil rap Glamorous la?
Stil pa m nan son rap diferan de tout lòt yo, se itilize dè mo ke moun pa trò konn tande yo pou m fè dè punch line poum epate tout moun kap tande m yo.

4. Sou ki projè wap travay kounya?
Nan moman sa m plis sou bay moun yo dè single paske m poko vrèman gen yon team ki pou soutni m nan sa m ap fè a. Nan moman an efò a se pèsonèl men m just ret kwè e konn God la pi fò tout lòt bagay yo ap vin aprè kanmèm men pou le moman m ap work hard.

5. Ou fè anpil bèl je de mo nan tèks la, gen on kote ou di "Sa son bad opera m vin fon lo pe la" kisa ou vle di pa sa ?
Opera a se just yon diminitif du mo operasyon, mwen fè l konsa poum te jwe mo yo. M vin fon lo pe la sa son bif li ye, but lo a konnen l byen si yo pa reponn se yo ki pa vle m pap di plis ke sa.

6. A plizyè repriz nan tèks la ou fè kèk alizyon a on mond spirityèl takou 2 ling anba yo? Eksplike nou referans sa yo e kòman inspirasyon yo te vini?
"M gen tout jan pou m atake tout sa k panse yo pa senp"
Se senp, se pa konplike tout sa yo se dè punch lines pou m choke tout sa kap di yo enbatab yo.

"M vin fè w aprann ke m son new demon hip hop frè"
M di sa paske m santi m vin ak yon fòs e nan mind mwen m gen anpil bagay extra m vin fè, m just ap kontrole epi pou m aji.

7. Gen on kote ou di "Jamè m pap janm fake tankou lòt yo" kijan ou konsidere on è fake?
Yon rapè ka fake nan tout sans, nan tanperaman l, e genyen tou ki fè foli pou rap pandan ke yo pa menm kalifye. Ou ka gad nan tèks mwen kote m di "Avan tou se travay pou yo di ke w son kalifye", a gen anyen k pou piyay, tout bagay se preparasyon. Fòk ou mize nan wout pou w pot bon komisyon, se prensip la sa.

8. "M vin fè sonje game nan yo bliye" De ki game wap pale la, e ki jan ou panse yo arive bliye'l?
Map pale de game rap kreyòl la pa gen lòt non. M vin wè tout rapè yo trè monotòn yo pa gen anyen de nouvo nan sa yap lanse yo. Se kòmsi se yon repetisyon kap fèt, sa koz gen moun ki pa focus ankò. Zorèy fanatik yo bezwen bagay de nouvo. Tan majorite moun sa yo pa ka jwenn sa yo bezwen an se tan game nan pap gen ekout. Sa vin parèt yon abandon.

9. Kisa ou vle di pa "Yo pa bad vwa yo ta pi lari ke mwen"?
Gen anpil kap di yo bad, kap di yo street, men tout se ventard. Se nan lirik yo pale men reyalite lari a yo pa janm konnen l vre. Yon rapè sipoze reyalis, ou dwe pale true pa diw ka fè saw paka fè, e non plis tou pa diw fè saw pa fè.

10. Eksplike nou fraz sa "Lè w di gede ou pale de nibo anvan anyen yo pale de nivo"?
Se just yon respè mwen bay a mond Mistik la, epi gen yon bann rapè ki toujou ap di game nan pa nivo pou yo pandan m wè yo pa janm fè yon pa, Yo toujou ret nan nivo ki pi ba a, bagay sa se pa voye mo se kontèst epi pou w wè si pa gen nivo vre. Tout otan ou pako gen kontèst ou pako konn nivo w epi pwen bar.

11. Ki dènye mo w pou fanatik yo?
Bon map di tout fanatik rap kreyòl yo kenbe la e tout sa ki chwazi mache avèm e ki vle ankouraje m nan travay mwen yo respè pou yo paske yo pral tande bagay de nouvo. Si yo ta vle konn plis de mwen swiv mwen sou (twitter, instagram @89glamorous ) ( Facebook Boucicaultvladimir ). Anpil respè tou pou tout staff WikiMizik la pou travay sa yap fè anndan mizik Ayisyèn nan.


...

Listen to Wikimizik's New Podcast

Episode 1: Jean Winer Pascal We're excited to launch Nannan Podcast. We'll be having candid conversations that get to the heart of music with our favorite songwriters, artists, musicians, producers and fans too. ...

...

Songwriter's Corner: Paul Beaubrun

His grandfather, Languichatte, is a national treasure and his parents lead the internationally renown and Grammy-nominated Boukman Eksperyans. Now, Paul Beaubrun and his band, Zing...